Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 110:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 SENYÈ a di a Senyè mwen an: “Chita bò kote men dwat Mwen Jiskaske Mwen fè ènmi Ou yo vin yon machpye pou Ou.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 (1b) Senyè a pale ak wa a, chèf mwen an, li di: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.

Gade chapit la Kopi




Sòm 110:1
23 Referans Kwoze  

Epi Wa David te leve sou pye li e te di: “Koute mwen, frè m yo ak pèp mwen an! Mwen te gen entansyon bati yon kay repo pou lach akò SENYÈ a e pou machpye Bondye nou an. Pou sa, mwen te fè preparasyon yo pou bati li.


Kite SENYÈ a bay sa kon rekonpans akizatè mwen yo, ak sila ki pale mal kont nanm mwen yo.


O SENYÈ, Senyè nou an, A la non Ou gran sou tout latè! Ou te fè parèt klè mayifisans Ou piwo pase syèl yo!


Ou fè li regne sou zèv men Ou yo. Ou te mete tout bagay anba pye li:


Wi, se Li menm ki va bati tanp SENYÈ a. Li va pote laglwa, e Li va chita pou gouvène sou twòn Li an. Konsa, Li va yon prèt ki chita sou twòn Li, e konsey lapè a va antre yo de (2).’”


Jésus te di li: “Ou te di li ou menm. Malgre sa, Mwen ap di nou, apre sa, nou va wè Fis a Lòm nan k ap chita sou men dwat Pwisan an e k ap vini sou nyaj ki nan syèl yo.”


Alò, lè SENYÈ a te fin pale avèk yo, Li te monte resevwa nan syèl la, e te chita sou men dwat Bondye.


Konsa, Li te kite yo pou rive vè distans ke yon moun kab voye yon wòch, e Li te mete L sou jenou pou priye.


Paske fòk li renye jiskaske Li mete tout lènmi Li yo anba pye Li.


Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a.


Men a kilès nan zanj yo, Li janm di: “Chita sou men dwat Mwen, jiskaske Mwen fè lènmi Ou yo vin yon ti ban pou pye Ou”?


Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a. Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a.


ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.


Koulye a, pwen prensipal nan sa ki te di a se sa: “Nou gen yon si tèlman wo prèt ki pran plas Li adwat a twòn Majeste a nan syèl yo.”


Li menm ki, sou men dwat Bondye, te ale nan syèl, kote tout zanj, otorite, ak pouvwa yo te fin soumèt a Li menm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite