14 ki avèk pèvèsite nan kè l fè tout tan sa ki mal, ki gaye konfli.
14 Se move lide ase ki nan kè yo, yo toujou sou plan. Kote yo pase y'ap pouse dife.
ka p fè manèv mechan nan kè yo. Tout tan, y ap fè pwovokasyon pou fè lagè.
Yo file lang yo tankou koulèv. Pwazon a sèpan mòtèl la anba lèv yo. Tan
Sou kabann li, li fè plan mechan; Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen; Li pa rayi mal.
Èske sila ki fòmante mechanste a, pa egare? Men ladousè avèk verite se pou sa yo ki fè sa ki bon.
Yon sanzave fòmante mechanste; pawòl li yo brile tankou dife wouj.
Sila ki gen panse kwochi a, pa jwenn anyen ki bon, e sila ki pèvès nan pawòl li yo tonbe nan mal.
ki pran plezi nan fè sa ki mal e rejwi nan mechanste mal la.
Chemen a yon moun koupab kwochi; men pou sila ki san tach la, kondwit li dwat.
Sila ki simen inikite a va rekòlte vanite; e baton kòlè li a va detwi.
Yon moun ki fè plan pou fè mal, moun va rele li magouyè.
Pa kalkile mal kont vwazen ou pandan l ap viv an sekirite akote ou.
Moun pèvès se yon abominasyon a SENYÈ a; men SENYÈ a vin toupre a sila yo ki dwat yo.
Pou vakabon an, zam li se mechanste. Li fòme plan mechan pou detwi moun aflije a ak kout lang, malgre sila ki nan bezwen an pale sa ki bon.
Men mechan yo tankou lanmè k ap boulvèse. Li p ap ka kalme, e dlo yo rale fè monte fatra ak labou.
Li te di mwen: “Fis a lòm, sila yo se mesye yo ki fè plan inikite e ki bay move konsèy nan vil sa a,
Paske yo simen van, e yo rekòlte toubiyon.
Malè a sila k ap fè plan inikite yo, k ap manevre mechanste sou kabann yo! Lè maten rive, yo pratike li, paske sa nan pouvwa a men yo.
Koulye a, frè mwen yo, mwen ankouraje nou pou toujou veye sou sila k ap koze e fè blokis ki kontrè a enstriksyon nou te resevwa a. Vire do nou ba yo menm.