13 ki bat zye li, ki fè siy ak pye li, ki pwente ak dwèt li;
13 Y'ap twenzi je yo sou moun, y'ap peze gwo zòtèy yo atè. Y'ap fè siy ak dwèt yo.
Poukisa akè ou pote ou rive lwen konsa? Epi poukisa zye ou yo vin limen konsa?
Mwen p ap mete okenn vye bagay devan zye m. Mwen rayi zèv a sila ki chite yo. Sa p ap tache men l sou mwen.
Pa kite sila ki lènmi m san koz yo, rejwi sou mwen. Ni pa kite sila ki rayi mwen san koz yo, fè kout zye sou mwen.
Sila ki bat zye a, koze pwoblèm, e moun fou a ki pale anpil, fè dega.
Li pa reflechi sou pa lavi a; vwa li yo pa stab; li pa rekonèt bagay sa a.
Nan lè sa a, ou va rele, e SENYÈ a va reponn. Ou va kriye e Li va di: ‘Men Mwen isit la’. “Si ou retire jouk la nan mitan nou, sispann pwente dwat sou lòt e sispann pale mechanste;