8 Ouvri bouch ou pou bèbè a; pou dwa yo a tout sila ki san sekou.
8 Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo.
Prens yo te sispann pale e te mete men yo sou bouch yo.
Kite vwa prizonyè k ap plenyen yo rive devan Ou. Selon grandè fòs Ou, prezève sila ki kondane a lamò.
Bondye vin kanpe nan mitan pwòp asanble Li a. Li fè jijman nan mitan dye yo.
Sajès twò wo pou moun ensanse a; li pa ouvri bouch li nan pòtay la.
Moun ladwati a gen kè pou dwa malere; men mechan an pa menm konprann afè sa a.
Kite li bwè pou bliye mizè li e pa sonje pwoblèm li ankò.
O lakay David, konsa pale SENYÈ a: ‘Aji ak jistis chak maten. Delivre moun ki te vòlè devan pouvwa a sila ki te oprime l la, pou gwo kòlè Mwen pa sòti deyò kon dife e brile yon jan pou okenn pa ka etenn, akoz mechanste a zak yo.
Men, men Achikam la, fis a Schaphan nan, te avèk Jérémie, ki te fè l pa rive nan men a pèp la pou mete l a lanmò.
“Lalwa pa nou pa jije yon moun avan ke premyèman li tande li epi konnen ki sa li fè. Èske sa konn fèt?”
Men Jonathan te reponn Saül, papa li: “Poukisa li dwe mouri? Kisa li te fè?”