Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 18:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Malere a pale: “Souple, fè m gras”; men moun rich la reponn byen di.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Malere toujou nan tanpri souple. Men moun rich toujou ap reponn rèd.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 18:23
18 Referans Kwoze  

“Mesye a, mèt peyi a, te pale byen di avèk nou. Li te panse nou te espyon nan peyi a.


Lè Joseph te wè frè li yo, li te rekonèt yo, men li te kache idantite li devan yo, e li te pale rèd avèk yo. Li te di yo: “Kote nou sòti?” Epi yo te di: “Nan peyi Canaan, pou achte manje.”


Wa a te reponn pèp la byen rèd, paske li te abandone konsèy ke ansyen yo te bay li a.


Wa a te reponn yo byen di, e Wa Roboam te echwe konsèy a ansyen yo.


Èske l ap fè ou anpil siplikasyon, oswa èske l ap pale ak ou ak pawòl dous?


Men Farawon te di: “Kilès SENYÈ a ye pou m ta obeyi vwa Li, pou kite Israël ale? Mwen pa konnen SENYÈ a, e anplis, mwen p ap kite Israël ale.”


Tout frè a malere yo a rayi li; konbyen, anplis, pou zanmi l kouri kite l. L ale jwenn yo ak pawòl plede, men yo fin ale.


Rich yo domine sou pòv yo, e moun ki prete vin esklav a sila k ap bay prè a.


Paske se men M ki te fè tout bagay sa yo; se konsa tout bagay sa yo te vin egziste,” deklare SENYÈ a. “Men, anvè sila Mwen va gade; sila ki enb ak kè ki repanti a, e ki tranble devan pawòl Mwen yo.


“Beni se sila yo ki malere an espri; paske wayòm syèl la se pou yo.


epi nou prete atansyon espesyal a sila ki byen abiye a, e nou di l: “Ou mèt chita la nan yon bon plas”, epi nou di a pòv la: “Chita laba”, oubyen: “Chita bò pye m nan”,


Men nou te dezonore moun pòv la. Èske se pa rich yo ki oprime nou e mennen nou tout nan tribinal.


Li te di nou: ‘Souple, kite mwen ranmase e sanble apre moun rekòlt yo pami pakèt mwasonyè yo.’ Konsa, li te vini e te rete soti nan maten a jis rive koulye a, sòf ke li te chita nan kay la pou yon ti tan.”


Tout sila ki rete lakay ou yo va vin bese ba a li menm pou yon pyès ajan, oswa yon mòso pen. Yo va di: “Souple, ban m yon plas nan youn nan pozisyon prèt yo pou m kab manje yon mòso pen.”’”


Men Nabal te reponn sèvitè David yo e te di: “Se kilès ki David la? Epi se kilès ki fis a Jesse a? Gen anpil sèvitè nan tan sa yo k ap chape kite mèt yo.


Alò, pou sa, kalkile byen kisa ou ta dwe fè. Paske se yon konplo mal k ap fèt kont mèt nou an ak kont tout lakay li, e li tèlman se yon sanzave ke pèsòn pa kab pale avè l.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite