Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 16:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Bon konprann se yon fontèn dlo lavi pou sila ki genyen l; men pou disipline moun ensanse yo se foli.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Moun ki gen bon konprann gen lavi. Men, moun sòt ap toujou sòt.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 16:22
16 Referans Kwoze  

Bouch a moun dwat se yon fontèn dlo lavi, men bouch a mechan an kache vyolans.


Lenstriksyon a saj yo se yon fontèn dlo lavi pou detounen pèlen lanmò a.


Lakrent SENYÈ a se yon fontèn dlo lavi, pou moun ka evite pèlen lanmò yo.


Lang a saj la gen pou mèt, konnesans; men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.


Kè a moun dwat la reflechi anpil pou bay repons; men bouch a mechan an fè anpil move bagay vin parèt.


Moun saj nan kè va rekonèt kon moun bon konprann; e dousè nan pale va ogmante kapasite konvenk moun.


Kè moun saj la enstwi bouch li; li ogmante pouvwa l pou konvenk moun ak lèv li.


Pawòl yo ki sòti nan bouch a yon nonm se yon dlo byen fon; dlo sajès se yon dlo fre k ap koule tout tan.


Bouch a moun san konprann nan se dega li; e lèv li se pèlen pou nanm li.


Konsa yo va lavi pou nanm ou ak dekorasyon pou kou ou.


Pa okipe yo. Yo se avèg k ap gide avèg. Si yon avèg ap gide yon avèg, se toude k ap tonbe nan yon twou.”


“Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi pa p vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.


“Se Lespri a ki bay lavi. Chè a pa gen okenn benefis. Pawòl ke Mwen te pale a nou yo se Lespri, epi se lavi.


Simon Pierre te reponn Li: “Senyè, a kibo nou ta ale? Ou gen pawòl lavi etènèl yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite