14 Kote ki pa gen gid, moun yo tonbe; men ak anpil konseye, gen viktwa.
14 Lè pa gen bon dirijan, peyi a nan ka. Men lè gen moun k'ap bay bon konsèy, peyi a sove.
Pou sa, vini koulye a, souple, kite mwen ba ou konsèy pou sove lavi ou avèk lavi a fis ou a, Salomon.
Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou Achab, paske yo te konseye li apre lanmò papa l, jiskaske sa te fin detwi li.
San konsèy, plan yo vin jennen; men ak anpil konseyè, yo vin reyisi.
Bon konprann se yon fontèn dlo lavi pou sila ki genyen l; men pou disipline moun ensanse yo se foli.
Fè tout plan ak konsiltasyon; fè lagè ak konsèy saj.
Paske ak konsèy saj ou va fè lagè, e ak konseye an abondans, gen viktwa.