Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 25:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 “Pou sa pale: ‘Gade byen, Mwen bay li akò lapè Mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Men sa pou di Fineyas pou mwen: m'ap siyen yon kontra avèk li ki pou ba li kè poze.

Gade chapit la Kopi




Nonb 25:12
9 Referans Kwoze  

Epi Phinées te kanpe pou te entèsede, epi epidemi an te vin sispann.


Sa a te konte a li menm kon ladwati, pou tout jenerasyon yo jis pou tout tan.


Paske mòn yo kapab deplase, e kolin yo ka disparèt, men lanmou dous Mwen anvè ou menm p ap retire de ou. Ni akò lapè Mwen p ap soti menm,” di SENYÈ ki gen konpasyon pou ou a.


“‘Mwen va fè yon akò lapè ak yo e retire bèt sovaj sou peyi a pou yo ka viv ansekirite nan dezè a, e dòmi byen nan forè a.


Mwen va fè yon akò lapè avèk yo. Li va yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo. Mwen va etabli yo, fè yo vin miltipliye e Mwen va mete sanktyè Mwen nan mitan yo jis pou tout tan.


Men pou nou menm, nou te detounen kite chemen an. Nou te koze anpil moun chite nan lalwa a. Nou te dezonore akò Lévi a,” pale SENYÈ dèzame yo.


“Gade byen, Mwen va voye mesaje Mwen an, e li va netwaye chemen an devan Mwen. Konsa, Senyè a, ke n ap chache a, va vini sibitman nan tanp Li an. Gade byen, mesaje akò a, nan sila nou pran plezi a, L ap vini,” pale SENYÈ Dèzame yo.


Desandan a Amalèk yo ap viv nan peyi Negev la, Etyen yo, Jebisyen yo, Amoreyen yo ap viv nan mòn yo, e Kananeyen yo ap viv bò kote lanmè ak bò kote rivyè Jourdain an.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite