Nonb 25:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen11 “Phinées, fis a Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te fè detounen kòlè Mwen vè fis Israël yo, akoz li te jalou avèk jalouzi pa Mwen an pami yo; epi konsa, Mwen pa t detwi fis Israël yo nan jalouzi pa Mwen an. Gade chapit la1998 Haïtienne11 — Se Fineyas, pitit Elyaza a, pitit pitit Arawon, prèt la, ki te fè mwen sispann ankòlè sou pèp la. Paske nan tout moun sa yo, se li menm ki pa te ka sipòte wè yon moun nan pèp Izrayèl la kite m' pou l'al sèvi lòt bondye. Se poutèt sa, atout mwen te jalou a, mwen pa fin touye tout pèp la nèt. Gade chapit la |