Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Matye 26:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Paske malere yo ap toujou avèk nou, men Mwen menm, Mwen p ap la pou tout tan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Paske, pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m pou tout tan.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 N ap toujou gen pòv avèk nou, men nou p ap toujou genyen m avèk nou.

Gade chapit la Kopi




Matye 26:11
16 Referans Kwoze  

Paske kote de oubyen twa reyini ansanm nan non Mwen, Mwen la nan mitan yo.”


Men Jésus te konprann sa, e te di yo: “Poukisa nou ap twouble fanm nan? Li fè M yon bon bagay.


Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”


Paske malere yo ap toujou la avèk nou, e nenpòt lè nou vle, nou kapab fè byen pou yo; men Mwen menm, M p ap la tout tan.


Paske malere yo ap toujou avè w, men Mwen, ou p ap toujou genyen M.”


“Pitit Mwen yo, Mwen avèk nou pou yon ti tan anplis. Nou ap chache M, e tankou Mwen te di Jwif yo, koulye a M ap di nou tou. Kote M ap ale, nou p ap kab vini.


Apre yon ti tan, lemonn p ap wè M ankò. Men nou menm ap wè m. Akoz ke Mwen viv, nou menm ap viv tou.


Mwen te sòti nan Papa a, e te vini nan lemonn. M ap kite lemonn ankò e ap prale kote Papa a.”


“Men koulye a, M ap prale a Sila a ki te voye Mwen an. E pa gen nan nou k ap mande M: ‘Kibò W ap prale’?


“Mwen pa nan lemonn ankò. Malgre, yo menm, yo toujou nan lemonn, e Mwen vini a Ou, Papa ki Sen, kenbe yo nan non Ou, non ke Ou ban Mwen an, pou yo kapab vin yon sèl, menm jan ke nou menm, nou se yon sèl.


Li menm ke syèl la oblije resevwa jiskaske tan restorasyon tout bagay ke Bondye te pale pa bouch a pwofèt sen Li yo depi nan tan ansyen an.


Yo te sèlman mande nou pou nou sonje pòv yo bagay ke mwen te vrèman vle fè.


“Paske malere yo p ap janm sispann la nan peyi a. Akoz sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va louvri men nou byen laj a frè malere nou yo avèk pòv nan peyi nou yo.’


Men nenpòt ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kontre li, ki jan lamou Bondye kapab rete nan li?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite