Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 5:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Apre li te fin tande koze Jésus a, li te pwoche dèyè Li nan foul la, e te touche vètman Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 Li te tande pale sou Jezi. Li fofile kò l nan foul la pa dèyè Jezi, epi li manyen ke rad li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

27 Lè li te tande pale de Jezi, li pase pa dèyè epi li touche rad Jezi,

Gade chapit la Kopi




Mak 5:27
7 Referans Kwoze  

Pandan yo t ap antere yon mesye, men vwala, yo te wè yon bann piyajè; epi yo te jete mesye a nan tonm Élisée a. Epi lè mesye a te touche zo Élisée yo, li te resisite e te kanpe sou pye l.


Yo t ap sipliye L pou yo ta kapab sèlman touche rebò a vètman Li, e tout sila ki te touche L yo te geri nèt.


E li te soufri anpil nan men a anpil doktè. Li te depanse tout sa li te posede san rezilta, men li te vin pi mal atò.


Paske li te reflechi: “Si m sèlman touche rad Li, mwen va geri”.


Nenpòt kote Li te antre nan bouk ak gran vil oswa andeyò, yo t ap vin depoze moun malad nan mache yo pou sipliye L pou yo ta kapab sèlman touche rebò vètman Li, akoz tout moun ki te touche l t ap vin geri.


jiskaske yo te kòmanse pote menm mouchwa avèk rad kò li pou malad yo; konsa malad yo te vin geri, e move Lespri yo te vin sòti.


Yo t ap menm pote malad yo e mete yo nan lari; yo te fè yo kouche sou kabann ak palèt, pou menm yon ti kras lonbraj Pierre, lè l pase, ta kapab tonbe sou nenpòt nan yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite