Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 4:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 “E nan yon jan ki sanble ak sa, sila yo se yo menm ki te simen kote ki plen wòch yo. Lè yo fin tande pawòl la, byen vit, yo resevwa l avèk jwa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Konsa tou, gen lòt ki resevwa grenn yo tankou tè ki gen anpil wòch. Lè yo fenk tande pawòl la, yo resevwa l ak kè kontan.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Gen lòt moun ki tankou grenn ki tonbe nan karyann. Lè yo tande pawòl la yo resevwa l byen vit ak jwa.

Gade chapit la Kopi




Mak 4:16
14 Referans Kwoze  

Gen lòt ki te tonbe kote ki plen wòch kote te manke tè, epi yo te leve byen vit pwiske tè a te manke pwofondè.


Se sila ki akote wout yo, ke lè pawòl la fin simen, yo tande. Men byen vit, Satan vin pran pawòl ki te simen an, e rachte l soti nan yo.


Men yo pa gen rasin fon nan yo menm. Yo la pou yon ti tan. Lè afliksyon oswa pèsekisyon vini akoz pawòl la, lapoula yo vin chite.


Paske Hérode te pè Jean, pwiske li te konnen ke li te yon nonm ladwati ki sen, e li te pwoteje l. Lè Hérode te konn koute l, li te konn byen twouble; men li te bay li plezi pou koute l.


“Sila yo nan tè plen wòch la se sila yo ke lè yo tande, resevwa pawòl la avèk jwa, men yo pa gen rasin. Yo kwè pou yon tan, epi nan tan tantasyon, yo lage tonbe.


“Li menm li te lanp ki t a brile a, ki te limen pou klere, epi nou te rejwi pou yon tan nan limyè pa l la.


Agrippa te reponn a Paul: “Ak yon ti bourade konsa, ou vlè pèswade m pou devni yon Kretyen?”


Menm Simon te vin kwè, epi apre li te batize li te kontinye avèk Philippe. Akoz li te wè anpil sign ak mirak ki t ap fèt, li te etone tout tan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite