Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 4:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Men yo pa gen rasin fon nan yo menm. Yo la pou yon ti tan. Lè afliksyon oswa pèsekisyon vini akoz pawòl la, lapoula yo vin chite.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Men, yo pa kite l pouse rasin nan kè yo. Yo pa kenbe l pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Men yo pa kite l pran rasin nan lavi yo. Yo kenbe l sèlman pou yon ti tan. Kon latwoublay tonbe sou yo, oubyen pèsekisyon vini poutèt pawòl yo te resevwa a, yo kite sa tonbe.

Gade chapit la Kopi




Mak 4:17
23 Referans Kwoze  

Beni se sila ki pa chite akoz Mwen menm nan.”


“Pa pè pou sa nou prèt pou soufri yo. Veye, dyab la prèt pou voye kèk nan nou nan prizon, pou nou kab pase a leprèv, e nou va gen tribilasyon pandan di jou. Rete fidèl jiska lanmò, e mwen va bannou kouwòn lavi a.


Pou sa, Mwen di nou, nenpòt peche, menm blasfèm kapab padone; men blasfèm kont Lespri Sen an p ap kapab padone.


Mwen konnen kote nou rete, kote twòn a Satan an ye. Nou kenbe fèm nan Non Mwen, e nou pa t nye lafwa nan Mwen an, menm nan jou Antipas yo, temwen Mwen an, fidèl Mwen an, ki te touye pami nou, kote Satan rete a.


Yo te sòti pami nou, men yo pa t vrèman nan nou, paske si yo te nan nou, yo t ap rete avèk nou. Men yo te sòti jis pou li ta kapab vin klè ke yo pa nan nou.


Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?


Nan premye defans mwen an, pèsòn pa t ban m soutyen yo, men yo tout te kite m. Ke sa pa kontwole kont yo.


Ou byen okouran ke tout moun ki an Asie yo, te vire kite m, pami yo menm, Phygelle ak Hermogène.


Konsa, Jésus t ap pale avèk Jwif yo ki te kwè nan Li, “Si nou kontinye nan Pawòl Mwen, anverite, nou se disip Mwen.


“Epi Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, li va padone; men sila ki fè blasfèm kont Lespri Sen an, p ap padone.


men li pa gen rasin pou kont li, e li dire sèlman pou yon moman. Lè gen afliksyon avèk pèsekisyon akoz pawòl la, byen vit li chite.


Si nou di: ‘Men kijan nou va pèsekite li!’ pwiska rasin ka sa a se nan mwen,’


paske Démas, ki renmen mond prezan sila a, te abandone m, e te ale Thessalonique. Crescens te ale Galatie, Tite te ale Dalmatie.


Sila ki vle parèt bèl nan lachè yo eseye fòse nou sikonsi; senpleman pou yo menm pa ta pèsekite pou koz lakwa a Kris.


“E nan yon jan ki sanble ak sa, sila yo se yo menm ki te simen kote ki plen wòch yo. Lè yo fin tande pawòl la, byen vit, yo resevwa l avèk jwa.


“Lòt yo se sila yo ki te te simen pami pikan yo. Se yo ki te tande pawòl yo,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite