Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lik 2:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Sa se te premye resansman global ki te fèt pandan Quirinius te gouvènè a Syrie.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Premye resansman an te fèt nan tan Kiriniyis t'ap gouvènen peyi Siri.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Premye gran resansman sa a te fèt nan epòk lè Kiriniyis te gouvènè nan lavil Siri.

Gade chapit la Kopi




Lik 2:2
9 Referans Kwoze  

Nouvèl Li te gaye toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.


Alò, li te rive nan jou sa yo ke yon dekrè te sòti nan César Auguste, ke yon resansman global ta vin fèt pou tout mond lan kote moun rete.


Tout moun te kòmanse anrejistre pou resansman an, chak moun nan pwòp vil pa li.


Alò nan kenzyèm ane pouvwa a Tibère César a, pandan Ponce Pilate te Gouvènè Juda, Hérode te tetrak (wa a zòn sila a), frè l Philippe te tetrak pou Liturée avèk Trachonite, e Lysanias te tetrark nan Abilène,


ki te avèk pwokonsil la, Sergius Paulus, yon nonm byen entèlijan. Mesye sa te rele Barnabas avèk Saul pou vini pou l ta kapab tande pawòl Bondye a.


Men pandan Gallion te pwokonsil Achaië Jwif yo avèk yon sèl vwa te leve kont Paul, e te mennen l devan chèz jijman an.


Claude Lysias, a trè ekselan Gouvènè Félix; Salitasyon.


Wa a te leve avèk gouvènè a, ak Bérnéice, ak sila ki te chita avèk yo.


“Apre mesye sila a, Judas, Galileyen an, te leve nan jou resansman an, e li te atire kèk moun dèyè l. Li menm tou te peri, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite