Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lamantasyon 5:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Jennonm yo te fòse travay devan moulen an e timoun yo te kilbite anba gwo chaj bwa yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Yo fòse jenn gason nou yo rale moulen. Ti gason nou yo ap titibe anba gwo chay bwa.

Gade chapit la Kopi




Lamantasyon 5:13
11 Referans Kwoze  

kite madanm mwen graje pou yon lòt e kite lòt yo vin kouche sou li.


Konsa, yo te chwazi sipèvizè sou yo pou aji di avèk yo pou fè yo travay pi rèd. Yo te bati pou Farawon vil Pithom avèk Ramsès yo pou konsève sereyal.


Epi tout nan premye ne nan peyi Égypte yo va mouri, soti nan premye ne Farawon ki chita sou twòn li a, jiska premye ne nan fi esklav ki dèyè wòch moulen yo; menm tout nan premye ne nan bèt yo tou.


Li te vin rive nan jou sa yo ke lè Moïse te fin grandi, li te sòti vè frè li yo, e li te wè fàdo yo. Li te wè yon Ejipsyen ki t ap bat yon Ebre, youn nan frè li yo.


Si ou wè bourik a yon moun ki rayi ou, k ap kouche anba gwo chaj, ou p ap abandone li nan pwoblèm nan, men ou va ede l dechaje li.


Pran yon wòch moulen pou moulen farin. Retire vwal ou leve jip la wo, dekouvri janm yo. Travèse rivyè yo.


“Se pa jèn sila a ke M pito; pou lache lyann mechanste yo, pou demare kòd jouk la, pou lese oprime yo pran libète e kase tout jouk yo?


Timoun yo ranmase bwa, papa yo mete dife ladann e fanm yo bat pat farin nan pou fè gato pou rèn syèl la. Yo vide ofrann bwason bay lòt dye yo pou yo ka vekse M.


Yo mare gwo chaj e mete yo sou zepòl a moun; men yo menm, yo p ap leve menm yon dwèt pou ede yo.


Alò, Filisten yo te sezi li. Yo te kreve rete zye li, epi yo te mennen li Gaza. Yo te mare l avèk chenn fèt an bwonz ki te konn vire moulen nan prizon an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite