Mwen te fache ak pèp Mwen an; Mwen te pwofane eritaj Mwen an, e Mwen te livre pèp Mwen nan men ou. Ou pa t montre yo gras, men menm ak granmoun nan vyeyès yo, ou te fè jouk ou byen lou.
Ansyen a fi a Sion yo chita atè. Yo rete an silans. Yo te jete pousyè sou tèt yo. Yo abiye yo ak twal sak. Vyèj Jérusalem yo fin bese tèt yo jis a tè a.
Gade pou wè, O SENYÈ! Avèk kilès ou te aji konsa? Èske fanm ta dwe manje pwòp pitit pa yo, pitit yo ki te fèt an bòn sante? Èske prèt la ak pwofèt la dwe vin touye nan sanktyè Senyè a?