Lamantasyon 1:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen14 Jouk transgresyon mwen yo vin mare; ak men Li yo koude nèt ansanm. Yo te rive jis nan kou m; Li te fè fòs mwen vin kraze disparèt. Senyè a te livre m nan men a sila yo; kont yo, mwen pa ka kanpe. Gade chapit la1998 Haïtienne14 Li make tout peche m yo. Li fè yon pakèt ak yo. Li pandye yo nan kou m. Yo sitèlman lou, m pa kapab ankò! Bondye sèl Mèt la lage m nan men lènmi m yo. M pa ka kenbe tèt ak yo. Gade chapit la |
gade byen, Mwen va voye pran tout fanmi nò yo,” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va voye kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, sèvitè Mwen an. Mwen va fè yo vini kont peyi sa a, kont tout moun ki rete ladann yo, e kont tout nasyon ki antoure li yo. Konsa, Mwen va detwi yo nèt, fè yo vin yon gwo laperèz, yon objè moun sifle kon koulèv ak yon dezolasyon k ap la pou tout tan.