Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jozye 13:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Avèk lòt mwatye tribi a, Ribenit yo ak Gadit yo te resevwa eritaj pa yo ke Moïse te ba yo lòtbò Jourdain an nan lès, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay yo a:

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Branch fanmi Riben lan ak branch fanmi Gad la ansanm ak mwatye nan branch fanmi Manase a te deja resevwa pòsyon tè pa yo lòt bò larivyè Jouden sou solèy leve. Se Moyiz, sèvitè Senyè a, ki te ba yo li.

Gade chapit la Kopi




Jozye 13:8
11 Referans Kwoze  

Paske nou p ap gen yon eritaj avèk yo lòtbò Jourdain an, oswa pi lwen, paske eritaj pa nou an te tonbe bannou nan kote Jourdain a sila a, vè lès la.”


“Konsa, nou te pran peyi a nan tan sa a nan men wa Amoreyen yo ki te lòtbò Jourdain an, soti nan vale Arnon an jis rive nan Mòn Hermon an.


Alò, sila yo se wa a peyi ke fis Israël yo te fin bat e tèren ke yo te vin posede lòtbò Jourdain an vè solèy leve a, soti nan vale Arnon an jis rive nan Mòn Hermon ak tout Araba vè lès:


Moïse, sèvitè SENYÈ a, ak fis Israël yo te bat yo. Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay yo a Ribenit ak Gadit yo, avèk mwatye tribi Manassé a, kòm posesyon.


Koulye a, pou sa, divize tè sa a kòm eritaj a nèf tribi yo avèk mwatye tribi a Manassé a.”


soti Aroër ki akote vale Arnon an, avèk vil ki nan mitan vale a ak tout plèn Médeba a, jis rive nan Dibon;


Epi koulye a, SENYÈ a, Bondye nou an, te bay repo a frè nou yo, jan Li fenk pale yo a. Pou sa, vire koulye a e ale nan tant pa nou yo, nan peyi posesyon pa nou an, ke Moïse, sèvitè Bondye a, te bannou lòtbò Jourdain an.


Fis Ruben yo ak fis a Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te janbe abiye e prepare pou fè lagè devan fis Israël yo, jis jan ke Moïse te pale yo a.


Anplis, kèk nan Ebre yo te travèse Jourdain an pou antre nan peyi Gad avèk Galaad. Men pou Saül, li te toujou Guilgal, e tout pèp la te swiv li avèk kò yo tou ap tranble.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite