Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jozye 13:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 soti Aroër ki akote vale Arnon an, avèk vil ki nan mitan vale a ak tout plèn Médeba a, jis rive nan Dibon;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Peyi yo a te sòti depi lavil Awoyè ki sou bò gwo ravin Anon an ak lavil ki nan mitan ravin lan, li pran tout plenn Medeba a rive lavil Dibon.

Gade chapit la Kopi




Jozye 13:9
15 Referans Kwoze  

Yo te travèse Jourdain an pou te fè kan Aroër, sou bò dwat vil la ki nan mitan vale Gad la, ak vè Jaezer.


Konsa, yo te achte sèvis a trann-de-mil cha e wa Maaca a avèk pèp li a, ki te vin fè kan devan Médeba a. Fis a Ammon yo te rasanble soti nan vil pa yo pou te vin batay.


Selon vil yo avèk chan pa yo, kèk nan fis a Juda yo te rete Kirjath-Arba avèk bouk pa li yo, nan Dibon avèk landwa ki antoure li a, e Jekabtseel avèk bouk ki te antoure li yo.


Yo fin monte nan tanp lan ak Dibon, menm kote wo plas yo pou kriye. Moab rele anmwey sou Nebo ak Médeba. Razwa fin pase sou tèt tout moun e tout bab fin koupe.


O fi ki rete Dibon an, “Desann kite glwa ou pou vin chita sou tè sèk; paske destriktè Moab la te vin kont ou. Li te detwi sitadèl ou yo.


Sou Dibon, sou Nebo, sou Beth-Diblathaïm,


Yon destriktè va vini nan chak vil, pou pa gen vil ki chape; vale a, anplis, ap detwi, e wo plèn nan va detwi, jan SENYÈ a te pale a.


Nou te tire sou yo. Hesbon fin gate jis rive Dibon. Konsa, nou te fin piyaje jis rive Nophach, Ki rive nèt nan Médaba.”


“Soti nan Aroër ki nan arebò vale Arnon an, epi soti nan vil ki nan vale a, menm pou rive Galaad, pa t gen vil ki te twò wo pou nou. SENYÈ a, Bondye nou an, te livre yo bannou tout.


“Konsa, nou te vin pran posesyon a peyi sila nan tan sa a. Soti nan Aroër, ki bò kote vale Arnon an, ak mwatye peyi ti mòn a Galaad yo, avèk vil pa li yo, mwen te bay yo a Ribenit yo e a Gadit yo.


A Ribenit yo avèk Gadit yo, mwen te bay soti Galaad pou rive jis nan vale Arnon, mitan vale a sèvi kòm yon lizyè e jis nan rivyè Jabbok la, ki se fwontyè a fis Ammon yo;


Sihon, wa Amoreyen yo, ki te rete Hesbon, ki te domine soti Aroër ki akote vale Arnon an, ni mitan vale a ak mwatye Galaad, menm jis rive nan ti rivyè Jabbok la, lizyè a fis Ammon an;


epi tout vil a Sihon yo, wa a Amoreyen yo, ki te renye nan Hesbon yo, jis rive nan lizyè fis a Ammon yo;


Teritwa pa yo te soti Aroër ki arebò vale Arnon an, avèk vil nan mitan vale a ak tout plèn akote Médeba a;


Avèk lòt mwatye tribi a, Ribenit yo ak Gadit yo te resevwa eritaj pa yo ke Moïse te ba yo lòtbò Jourdain an nan lès, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay yo a:


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite