Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jozye 12:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Sihon, wa Amoreyen yo, ki te rete Hesbon, ki te domine soti Aroër ki akote vale Arnon an, ni mitan vale a ak mwatye Galaad, menm jis rive nan ti rivyè Jabbok la, lizyè a fis Ammon an;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Men wa yo te kraze yo: Se te Siyon, wa moun Amori yo, ki te rete lavil Esbon. Peyi li t'ap gouvènen an te pran depi nan fon ravin Anon an moute Awoyè ki sou bò ravin lan, rive larivyè Jabòk sou fontyè moun Amon yo, ki vle di mwatye nan peyi Galarad la.

Gade chapit la Kopi




Jozye 12:2
12 Referans Kwoze  

Alò, li te leve pandan menm nwit lan, e li te pran de madanm li yo avèk de sèvant li yo, onz pitit li yo, e li te travèse lariviyè a bò kote Jabbok la.


Epi Béla, fis a Azaz la, fis a Schéma a, fis a Joël la. Béla te rete Aroër e teritwa yo te jiska Neb ak Baal-Meon;


Anplis, Ou te bay yo wayòm yo avèk pèp yo, epi te divize bay yo tout selon pòsyon pa yo. Yo te pran posesyon a peyi Sihon, wa a Hesbon an ak peyi Og, wa Basan an.


Sihon, wa Amoreyen yo, Og, wa Basan ak tout wayòm a Canaan yo.


Kanpe akote wout la pou veye, O moun ki rete Aroër. Mande gason ‘ki moun ki sove ale a’? E fi a ‘ki moun ki chape poul li a’? Mande: ‘Kisa ki te pase?’


lè li te fin bat Sihon, wa Amoreyen ki te rete Hesbon an, ak Og, wa Basan an, ki te rete Aschtaroth avèk Édréï.


Wa a fis Ammon yo te di a mesaje Jephthé yo: “Akoz Israël te pran peyi mwen lè yo te vin monte sòti an Egypte, jis soti nan Arnon pou rive Jabbok avèk Jourdain an. Konsa, remèt mwen yo koulye a, nan lapè.”


Epi yo te vin posede tout teren a Amoreyen yo, soti nan Arnon an, jis rive nan Jabbok la, e soti nan dezè a jis rive nan Jourdain an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite