Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jij 3:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Alò, fis Israël yo te fè mal nan zye SENYÈ a ankò. Pou sa, SENYÈ a te ranfòse Églon, wa Moab la, kont Israël, akoz yo te fè mal nan zye SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Moun pèp Izrayèl yo te rekonmanse ap fè sa ki te mal nan je Senyè a ankò. Senyè a pran Eglon, wa peyi Mowab la, li fè l vin pi fò pase pèp Izrayèl la. Epi li fè l leve dèyè pèp Izrayèl la.

Gade chapit la Kopi




Jij 3:12
15 Referans Kwoze  

Alò, Naaman, kapitèn lame a wa Syrie a, te yon mesye enpòtan a mèt li e li te estime anpil. Akoz li menm, SENYÈ a te bay yon viktwa pou Syrie. Anplis, mesye a te yon gèrye gran kouraj, men li te gen lalèp.


Men vrèman, pou rezon sa a, Mwen kite nou la jiska prezan: pou M kapab montre nou pouvwa Mwen e pwoklame pouvwa Mwen sou tout latè.


Èske rach la fèt pou vin ògeye sou sila ki koupe avè l la? Èske si a konn egzalte tèt li sou sila ki manevre l la? Sa ta sanble ak yon baton ki voye sila ki leve l la, oswa tankou yon baton ki leve sa ki pa fèt ak bwa a.


“Èske ou pa t tande? Lontan sa, Mwen te fè li; depi nan tan ansyen yo, Mwen te planifye sa. Koulye a Mwen fin fè l rive, pou ou ta fè gwo vil fòtifye yo vin tounen gwo pil mazi.


Epi ou va vini kont pèp Mwen an, Israël, tankou yon gran nwaj k ap kouvri tout tè a. Li va vin rive nan dènye jou ke Mwen va mennen ou vini kont peyi Mwen, pou nasyon yo ka konnen Mwen lè M fin sanktifye atravè ou menm, O Gog, devan zye yo.”


se ou menm, O wa! Paske ou te vin gran, e ou te vin fò; epi majeste ou te vin gran rive jis nan syèl la, e dominasyon ou jis rive nan dènye pwent latè.


“O wa, Bondye Pi Wo a te bay souverènte, grandè ak glwa a Nebucadnetsar, papa ou.


Kisa pou M fè ak ou, O Éphraïm? Kisa pou M fè ak ou, O Juda? Paske fidelite ou tankou nwaj nan maten, tankou farinay ki disparèt bonè.


Jésus te reponn Li: “Ou pa t ap gen otorite sou Mwen si li pa t soti anwo. Konsa, sila a ki livre M bay ou a gen pi gwo peche.”


Alò, fis Israël yo te fè mal nan zye SENYÈ a, e yo te sèvi Baal yo.


Lakòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te livre yo nan men a piyajè ki te piyaje yo. Li te vann yo antre nan men a lènmi ki te antoure yo pou yo pa t kab kanpe ankò devan lènmi yo.


Men li te kòn rive ke nan lè jij la vin mouri, yo ta vire tounen pou aji pi konwonpi pase zansèt yo. Yo te swiv lòt dye yo pou sèvi yo, e bese ba devan yo. Yo pa t janm abandone zèv sila yo, ni chemen tèt mato yo.


Alò, peyi a te vin gen repo pandan karant ane, men Othniel, fis a Kenaz la, te vin mouri.


Men yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a, e pou sa, Li te vann yo nan men Sisera, kapitèn a lame Hatsor a, nan men a Filisten yo, nan men wa Moab la, e yo te goumen kont yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite