Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jij 3:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Alò, peyi a te vin gen repo pandan karant ane, men Othniel, fis a Kenaz la, te vin mouri.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan. Epi Otonyèl, pitit gason Kenaz la, mouri.

Gade chapit la Kopi




Jij 3:11
11 Referans Kwoze  

Alò, fis a Kenaz yo: Othniel avèk Seraja. Fis a Othniel la: Hathath.


Men soti lè yo te fin jwenn repo a, yo te fè mal ankò devan Ou. Pou sa, Ou te abandone yo nan men a lènmi yo, jiskaske yo te renye sou yo. Lè yo te kriye ankò a Ou menm, Ou te tande Soti nan syèl la, epi anpil fwa Ou te fè yo chape akoz gran lanmou dous Ou,


paske nan jou sa yo, Jwif yo retire lènmi yo e se te nan mwa sa a ke tristès la te vin vire an kè kontan e kite rele anmwey la pou rive fè yon jou fèt; ke yo ta dwe fè yo jou a gwo bankè ak rejwisans; epi pou voye manje bay youn lòt avèk kado pou pòv yo.


Konsa, Josué te pran tout peyi a, selon tout sa ke SENYÈ a te pale a Moïse yo; epi Josué te bay li kòm eritaj a Israël selon divizyon pa yo selon tribi pa yo. Konsa, peyi a te gen repo kont lagè a.


Othniel, fis a Kenaz la, frè Caleb la te kaptire li. Konsa, li te bay li Acsa, fi li a, kòm madanm.


Lespri SENYÈ a te vini sou li pou li te jije Israël lè li te sòti pou fè lagè. SENYÈ a te livre Cuschan-Rischeathaïm, wa Mésopotamie an, nan men l, e li te vin genyen sou Cuschan-Rischeathaïm.


Alò, fis Israël yo te fè mal nan zye SENYÈ a ankò. Pou sa, SENYÈ a te ranfòse Églon, wa Moab la, kont Israël, akoz yo te fè mal nan zye SENYÈ a.


Konsa, Moab te soumèt nan jou sa a anba men Israël. Epi peyi a pa t gen boulvèsman ankò pandan katre-ven ane.


Lè fis Israël yo te vin kriye fò a SENYÈ a, SENYÈ a te fè leve yon liberatè pou delivre yo, Othniel, fis a Kenaz la, ti frè a Caleb la.


“Se konsa pou kite tout lènmi Ou yo peri, O SENYÈ, men ke sila ki renmen Li yo vin tankou solèy k ap leve ak tout fòs li.” Konsa, peyi a te rete san boulvèsman pandan karant ane.


Konsa Madian te kraze ba devan fis Israël yo. Yo pa t leve tèt yo ankò. Epi peyi a te san twoub pandan karant ane nan jou a Gédéon yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite