Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jij 21:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Kisa nou ap fè pou twouve madanm pou sila ki rete yo, akoz nou te sèmante pa SENYÈ a pou nou pa bay okenn nan fi pa nou yo nan maryaj?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Kisa nou pral fè pou ti rès ki rete a ka jwenn fi pou yo marye, paske nou te fè sèman devan Sènyè a nou p'ap janm ba yo pitit fi nou yo pou madanm.

Gade chapit la Kopi




Jij 21:7
7 Referans Kwoze  

Alò, mesye Israël yo te deja sèmante nan Mitspa. Yo te di: “Pa gen nan nou menm k ap bay fi li a Benjamin nan maryaj.”


Alò, nou pa kab ba yo madanm pami fi nou yo.” Paske fis Israël yo te sèmante e yo te di: “Modi se sila ki bay yon madanm a Benjamin.”


Li va rive ke lè papa yo oswa frè yo vin plenyen a nou, ke nou va di yo: ‘Ba yo a nou avèk bòn volonte; paske nan batay la, nou pa t konsève yon fanm pou chak Benjamit, ni nou pa t founi youn pou yo, sinon koulye a menm, nou ta koupab.’”


Fis Israël yo te tris; yo te plen regrè pou Benjamin, frè parèy yo a, e yo te di: “Yon tribi vin koupe nèt sou Israël jodi a.


Epi yo te di: “Kilès sila pami tribi Israël yo ki pa t monte kote SENYÈ a nan Mitspa?” Gade byen, pèsòn pa t monte nan kan an sòti nan Jabès-Galaad pou patisipe nan asanble a.


Men pèp la te di a Saül: “Èske fòk Jonathan ta mouri, ki te fè reyisi gran delivrans sa a an Israël? Lwen de sa! Kòm SENYÈ a viv la, pa menm yon cheve nan tèt li p ap tonbe atè; paske li te fè travay Bondye nan jou sa a.” Konsa, pèp la te sove Jonathan pou li pa t mouri.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite