Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jij 1:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Adoni Bézek te di: “Swasann-dis wa avèk pous avèk gwo zòtèy koupe te konn ranmase manje anba tab mwen. Jan ke m te konn fè a, konsa Bondye te rekonpanse mwen.” Konsa, yo te mennen li Jérusalem e la, li te mouri.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Lè sa a, Adonibezèk di: — Mwen te koupe dwèt gwopous ak gwo tèt zòtèy pye swasanndis wa. Yo te konn ranmase kras manje ki tonbe anba tab mwen. Jòdi a, Bondye fè m sa m te fè yo a. Yo mennen mesye lavil Jerizalèm. Se la li mouri.

Gade chapit la Kopi




Jij 1:7
16 Referans Kwoze  

Ou va pale li e di: ‘Konsa pale SENYÈ a: Èske ou te touye e anplis pran posesyon?’” Epi ou va pale avèk li pou di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Nan plas kote chen yo te niche san Naboth la, chen yo va niche san pa ou menm.’”


Ou va touye belye a, ou va pran kèk nan san li e mete li sou tèt zòrèy adwat Aaron, sou tèt zòrèy dwat a fis li yo, sou pous men dwat yo, nan gwo zòtèy pye dwat yo, e flite rès san an toutotou lotèl la.


Malè a ou menm, O ou ki detwi lòt pandan ou pa t detwi; epi sila ki fè trèt pandan lòt moun pa t aji an trèt avè w. Depi ou fin detwi, ou osi va vin detwi nèt. Depi ou fin fè trèt, lòt moun va fè trèt kont ou.


Gade byen, nan lè sa a, Mwen va regle ak tout sila k ap oprime ou yo. Mwen va sove sila ki bwate yo, e rasanble sila ki te rejte yo. M ap bay lwanj ak lonè a sa yo ki p at gen plis ke wont sou tout latè.


Konsa yo demontre ke zèv Lalwa yo se byen ekri nan kè yo. Se pwòp konsyans yo ki bay temwayaj, epi panse yo, pafwa ap bay kondanasyon e pafwa ap defann yo.


Paske jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.


Si yon moun gen pou ale an kaptivite, an kaptivite li prale. Si yon moun dwe touye avèk nepe, avèk nepe, li va touye. Se konsa ak lafwa ak pèseverans a sen yo.


Paske sila yo te vèse san a sen ak pwofèt yo, e Ou te bay yo san pou yo bwè. Yo merite sa.”


Men Adoni Bézek te sove ale. Yo te kouri dèyè li pou te kenbe li e yo te koupe pous li avèk gwo zòtèy li.


jiskaske vyolans ki te fèt a swasann-dis fis Jerubbaal yo te kapab remonte e san pa yo ta kapab vin poze sou Abimélec, frè yo a, ki te touye yo, ak sou mesye Sichem yo, ki te ranfòse men li pou l ta kab touye frè li yo.


Bondye te retounen tout mechanste a mesye Sichem yo sou pwòp tèt pa yo, epi madichon Jotham nan, fis Jerubbaal la, te vin sou yo.


Men Samuel te di: “Menm jan ke nepe ou te fè fanm yo vin manke pitit; konsa, manman ou va vin manke pitit pami fanm yo.” Epi Samuel te koupe Agag an mòso devan SENYÈ a nan Guilgal.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite