Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jij 1:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Men fis a Benjamin yo pa t chase mete Jebizyen ki te rete nan Jérusalem yo deyò. Pou sa, Jebizyen yo te rete pami fis Benjamin yo jis rive jodi a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Men, moun branch fanmi Benjamen yo pat mete moun Jebis yo deyò nan lavil Jerizalèm. Se konsa moun Jebis yo rete ap viv ansanm ak moun Benjamen yo nan lavil Jerizalèm jouk jòdi a.

Gade chapit la Kopi




Jij 1:21
13 Referans Kwoze  

ak desandan yo ki te swiv yo, nan peyi ke fis Israël yo pa t kapab fin detwi nèt—soti nan yo, Salomon te leve ouvriye kòve yo, menm jiska jodi a.


avèk Jebizyen yo, Amoreyen yo ak Gigazyen yo,


Konsa, David, avèk tout Israël te ale Jérusalem (sa vle di, Jébus). Jebizyen ki te abite nan peyi yo te la.


Sila yo se te chèf a fanmi zansèt pa yo selon jenerasyon pa yo, chèf ki te rete Jérusalem yo,


ki te sòti nan desandan pa yo ki te kite nan peyi, ke fis Israël yo pa t detwi yo, yo menm, Salomon te fè yo leve kòm ouvriye kòve ki fèt jis rive jodi a.


Yo pa t detwi lòt pèp yo, jan SENYÈ a te kòmande yo a,


Alò, pou Jebizyen yo, moun ki te rete Jérusalem yo, fis Juda yo pa t kapab chase yo ale; pou sa, Jebizyen yo rete pami fis Juda yo jis rive jodi a.


Menm jan an, lakay Joseph te monte kont Béthel e SENYÈ a te avèk yo.


Men Manassé pa t pran posesyon Beth-Schean avèk bouk pa li yo, ni Thannac avèk bouk pa li yo, ni pèp ki te rete Dor yo avèk bouk pa li yo, ni pèp ki te rete Jibleam yo avèk bouk pa li yo, ni moun ki te rete Meguiddo avèk bouk pa li yo. Konsa, Kananeyen yo te kontinye viv nan peyi sa a.


Alò, fis Juda yo te goumen kont Jérusalem. Yo te kaptire li. Yo te frape li avèk lam nepe e yo te mete dife nan vil la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite