Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jij 1:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Menm jan an, lakay Joseph te monte kont Béthel e SENYÈ a te avèk yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Moun de branch fanmi Jozèf yo moute al atake lavil Betèl ki te rele Louz anvan sa. Senyè a te kanpe avèk yo tou.

Gade chapit la Kopi




Jij 1:22
12 Referans Kwoze  

men banza li te rete fèm, e bwa li yo te fò; depi nan men Toupwisan Jacob la (depi la se Bèje a, Wòch Israël la),


Epi SENYÈ a te avèk li. Nenpòt kote li te ale, li te reyisi. Li te fè rebèl kont wa a Assyrie a e li pa t sèvi li.


epi tou, nan longè fwontyè a fis Manassé yo, Beth-Schean avèk vil pa li yo, Thaanac avèk vil pa li yo, Meguiddo avèk vil pa li yo, Dor avèk vil pa li yo. Nan sila yo, te viv fis a Joseph yo, fis a Israël a.


pou fis a Joseph yo, pou Éphraïm: Élischama, fis a Ammihud; pou Manassé: Gamaliel, fis a Pedahtsur;


Pou fis Joseph sa vle di Éphraïm, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.


Paske fis Joseph yo te de tribi, Manassé avèk Éphraïm, e yo pa t bay yon pòsyon a Levit nan peyi yo, sof ke vil pou yo viv ladan yo, avèk teren pa yo pou bèt pa yo ak pou byen pa yo.


Li te pran anviwon senk mil mesye, e li te plase yo an anbiskad antre Béthel avèk Aï nan kote lwès vil la.


nan tribi Zabulon an, douz-mil, nan tribi Joseph la, douz-mil, nan tribi Benjamin an, douz-mil te sele.


Alò SENYÈ a te avèk Juda, e te chase met dèyo tout sa yo ki te viv nan peyi ti kolin yo. Men yo pa t ka chase mete deyò pèp ki te rete nan vale yo, akoz yo te gen cha yo ki te fèt an fè.


Men fis a Benjamin yo pa t chase mete Jebizyen ki te rete nan Jérusalem yo deyò. Pou sa, Jebizyen yo te rete pami fis Benjamin yo jis rive jodi a.


Lakay Joseph te fè espyonaj Béthel. Alò, vil sa, avan lè te rele Luz.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite