Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jij 1:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Li te di li: “Beni mwen. Akoz ou te ban mwen peyi nan Negev la, ban m sous dlo yo tou.” Konsa, Caleb te ba li sous piwo avèk sous piba yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Aksa reponn: — Mwen vin mande ou yon favè. Se ou menm ki voye m al viv nan dezè Negèv la, se pou ou ban m kote pou m pran dlo tou. Se konsa Kalèb ba li Sous Dlo Anwo ak Sous Dlo Anba Negèv la.

Gade chapit la Kopi




Jij 1:15
9 Referans Kwoze  

Souple, pran kado ki te pote pou ou a, paske Bondye te aji avèk gras anvè mwen, e akoz sa m gen anpil:” Konsa, li te vin ankouraje l, e li te aksepte li.


Donk, mwen te panse ke li te nesesè pou ankouraje frè yo pou yo ta ale devan nou menm pou òganize davans kado jenewozite ke nou te deja pwomèt la. Epi konsa, kado sa a ta kapab parèt kon yon kado jenewozite ki pa afekte pa lanvi de nou menm.


Paske tè ki bwè lapli ki tonbe souvan sou li a, e ki pote plant ki itil a sila k ap kiltive tè a, resevwa benediksyon a Bondye.


Epi li te di: “Beni mwen; Kòmsi, ou te ban mwen tè nan negev la, ban mwen sous dlo yo tou.” Konsa, li te ba li sous pi wo yo avèk sous anba yo.


Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon.


Epi li te vin rive ke lè Acsa te vin kote li, ke li te konvenk li mande papa li yon chan. Li te desann bourik li, e Caleb te di: “Kisa ou vle?”


Desandan Kenyen yo, bòpè Moïse la, te monte soti nan vil pal yo avèk fis Juda yo. Yo soti nan dezè a Juda ki vè sid Arad la, epi yo te monte pou rete avèk pèp sila yo.


Alò, Abigaïl te kouri pran de-san mòso pen ak de veso diven, avèk senk mouton deja prepare, senk mezi sereyal boukannen avèk san grap rezen, de-san gato fig etranje e te chaje yo sou bourik yo.


Alò, kite kado sila ke sèvant ou pote pou mèt mwen an, bay a jennonm ki akonpanye mèt mwen yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite