Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jij 1:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Desandan Kenyen yo, bòpè Moïse la, te monte soti nan vil pal yo avèk fis Juda yo. Yo soti nan dezè a Juda ki vè sid Arad la, epi yo te monte pou rete avèk pèp sila yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Moun Kenit yo, fanmi bòpè Moyiz, kite lavil Palmis. Yo moute ansanm ak moun Jida yo nan dezè peyi Jida a sou bò sid peyi Arad. Se la y'al rete ak moun Amalèk yo.

Gade chapit la Kopi




Jij 1:16
26 Referans Kwoze  

Alò, Héber, Kenyen an te rete apa de Kenyen yo, fis Hobab yo, bòpè Moïse la, e te monte tant li byen lwen jis nan bwatchenn ki nan Tsaannaïm nan, ki toupre Kédesch la.


Saül te di a Kenyen yo: “Ale, sòti kite Amalekit yo pou m pa detwi nou ansanm avèk yo; paske nou te montre favè nou anvè tout fis Israël yo lè yo te monte soti an Égypte.” Konsa, Kenyen yo te sòti nan mitan Amalekit yo.


epi Negev avèk plèn nan vale a Jéricho, lavil pye palmis yo, jis rive Tsoar.


Lè Chèf Canaran an, wa Arad la, ki te viv nan Negev la te tande ke Israël t ap vini pa chemen a Atharim nan; alò, li te goumen kont Israël, e li te pran kèk nan yo an kaptif.


Li te ranmase a li menm fis a Ammon yo, avèk Amalek. Konsa, li te ale bat Israël pou yo te posede vil pye palmis yo.


Alò, Sisera te sove ale sòti nan pye a tant Jaël la, madanm a Héber a, Kenyen an; paske te gen lapè antre Jabin, wa Hatsor a ak lakay Héber, Kenyen an.


“Ale lakay Rekabit yo. Pale avèk yo e mennen yo antre lakay SENYÈ a, nan youn nan chanm yo, e bay yo diven pou yo bwè.”


Nan lè sa a, Wa Achaz te voye kote wa Asiryen yo pou jwenn soutyen.


Otsem, sizyèm nan, David, setyèm nan.


wa a Horma a, youn; wa a Arad la, youn


Konsa, Moïse te di bòpè li orevwa, e li te fè wout li pou ale nan peyi li.


Epi Jéthro, bòpè Moïse la te fè yon ofrann brile avèk sakrifis pou Bondye. Aaron te vini avèk tout ansyen Israël yo pou manje yon repa avèk bòpè Moïse la devan Bondye.


Alò, Moïse te sòti pou rankontre bòpè li. Li te bese ba e li te bo li, epi yo chak te mande lòt kijan yo te ye, epi yo te antre nan tant la.


Alò Jéthro, prèt Madian an, bòpè Moïse la, te tande tout sa ke Bondye te fè pou Moïse, ak pou Israël, pèp li a. Jan SENYÈ a te mennen Israël sòti an Égypte.


Konsa, Moïse te pati e te retounen vè Jéthro, bòpè li a. Li te di li: “Souple, kite mwen ale pou mwen kapab retounen bò kote frè m yo an Égypte, pou wè si yo toujou vivan.” Jéthro te di a Moïse: “Ale anpè.”


Alò, Moïse t ap swiv bann mouton Jétro a, bòpè li, prèt Madyan an. Li te mennen bann mouton an vè fas lwès nan dezè a, e li te vini Horeb, sou mòn Bondye a.


Alò, nan jou sa yo, Jean Baptiste te vin parèt. Li t ap preche nan gran savann Judée a, e li t ap di:


Li te di li: “Beni mwen. Akoz ou te ban mwen peyi nan Negev la, ban m sous dlo yo tou.” Konsa, Caleb te ba li sous piwo avèk sous piba yo.


Alò, Akisch te di: “Se kibò ou te atake jodi a?” Epi David te reponn: “Kont Negev la nan Juda e kont Negev a Kenyen yo.”


epi a sila ki te Racal yo, sila ki te nan vil a Jerachmeyelit yo ak sila ki te nan vil a Kenyen yo,


Alò, SENYÈ a te di li: “Sa se peyi a ke Mwen te sèmante a Abraham, Isaac, ak Jacob la, e Mwen te di: ‘Mwen va bay li a desandan nou yo’. Mwen te kite ou wè li avèk zye ou, men ou p ap rive ale la.”


Alò, vil pou tribi a fis Benjamin yo selon fanmi pa yo se te Jéricho, Beth-Hogla, Émek-Ketsits,


epi fanmi a skrib ki te rete Jaebets yo: Tireatyen yo, Schimeatyen yo ak Sikatyen yo. Sila yo se Kenyen ki te soti nan Hamath yo, papa lakay Récab.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite