Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 25:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

33 Sila ki touye pa SENYÈ yo nan jou sa a va soti nan yon pwent latè jis rive nan lòt la. Yo p ap kriye pou yo, vin ranmase yo, ni antere. Yo va tankou fimye bèt sou sifas latè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

33 Jou sa a, depi yon bout latè rive lòt bout la, se va kadav moun Senyè a pral touye. P'ap gen pèsonn pou kriye pou yo, pèsonn pou ranmase yo atè a, pèsonn pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 25:33
19 Referans Kwoze  

epi kadav Jézabel va tankou fimye bèt sou sifas chan nan teren Jizréel la, jiskaske yo pa ka di: “Sa se Jézabel.”’”


Yo te vide san yo tankou dlo toupatou Jérusalem. Pa t genyen moun ki pou antere yo.


Ki te fin detwi nan En-Dor, ki te vin tankou fimye sou latè.


Akoz sa, kòlè SENYÈ a te brile kont pèp Li a, Li te lonje men l kont yo e te frape yo tonbe anba. Mòn yo te tranble e kadav yo te kouche tankou fatra nan mitan lari a. Menm ak tout sa a, kòlè Li a poko fin pase, men men L toujou lonje.


Paske SENYÈ a va egzekite jijman ak dife e avèk nepe Li sou tout chè; e sila ki va touye pa nepe yo va anpil.


Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè.


Li fèt pou li ta poli, pou yo kab manyen li. Nepe a file e poli, pou plase nan men a sila k ap touye a.


Mwen va mete gwo kwòk nan machwè ou e fè pwason larivyè ou yo vin kole sou kal ou yo. Konsa, Mwen va rale fè ou sòti nan mitan rivyè ou yo, ansanm ak tout pwason larivyè ou yo k ap kole sou kal ou yo.


Mwen va jete ou lwen nan dezè a, ou menm ak tout pwason rivyè ou yo. Ou va tonbe nan chan ouvri. Ou p ap rasanble ni reyini ankò. Mwen te bay ou kon manje bèt latè ak zwazo syèl yo.


Nou menm tou Etyopyen yo, nou va detwi pa nepe Mwen.


Sila ki soti nan pèp yo, tribi yo, lang ak nasyon yo va gade kadav pa yo pandan twa jou edmi, e li p ap pèmèt pou kadav yo mete nan tonbo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite