Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 25:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, mal la va sòti vin parèt de nasyon a nasyon, e yon gwo tanpèt va tòde jis rive nan pwent pi lwen de mond lan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

32 Senyè ki gen tout pouvwa a di: — Malè a pral tonbe sou nasyon yo yonn apre lòt, yon gwo van tanpèt ap moute sòti nan bout latè.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 25:32
12 Referans Kwoze  

Gade byen, tanpèt SENYÈ a deja sòti ak gwo kòlè li. Tankou yon toubiyon k ap vire touwon, li va vire desann sou tèt a mechan an.


Paske gwo kòlè SENYÈ a kont tout nasyon yo e jijman Li brile kont tout lame yo. Li te detwi yo nèt. Li te donnen yo a yon gwo masak.


Nasyon te kraze pa nasyon, vil pa vil, paske Bondye te twouble yo avèk tout kalite gwo twoub.


Gade byen, tanpèt SENYÈ a, kòlè Li fin depanse nèt, yon tanpèt k ap ravaje; li va eklate sou tèt a mechan yo.


SENYÈ a va fè yo tande vwa otorite Li, bra Li k ap desann ak gwo kòlè, nan flanm dife k ap brile tout bagay la, nan nwaj k ap pete ak gwo lapli ak lagrèl yo.


Konsa, va gen sign nan solèy la, lalin ak zetwal yo, e sou latè, sezisman pami nasyon yo, ak gwo malantandi akoz laraj lanmè a ak lanm lanmè yo.


Ankò, Li te di yo: “Nasyon va leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm.


“Akoz sa, tann Mwen, deklare SENYÈ a, jis rive jou ke M leve pran piyaj la. Anverite, se desizyon Mwen pou rasanble nasyon yo, pou mete wayòm yo ansanm, pou M ka vide sou yo tout chalè kòlè Mwen, tout kòlè vyolan Mwen an. Paske tout tè a va vin devore avèk dife jalouzi Mwen an.


“Paske Mwen konnen zèv yo ak panse yo. Lè a ap rive pou rasanble tout nasyon ak tout lang yo. Konsa, yo va vini wè glwa Mwen.


Flèch li yo file e tout banza li yo fin koube; pye cheval li yo parèt kon pyè silèks, e wou cha li yo tankou toubiyon.


Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, yon pèp ap sòti nan peyi nò, yon gwo nasyon va leve soti nan ekstremite latè byen lwen.


Yo kenbe rèd ak banza ak lans. Yo mechan anpil e yo pa gen mizerikòd menm. Vwa pa yo fè raj tankou lanmè, e yo monte sou cheval yo, byen alinyen kon yon sèl moun pou batay kont ou, O fi Sion nan!”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite