Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 9:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Alò, Noé te kòmanse kiltive tè a. Li te plante yon chan rezen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Noye se premye moun ki te fè lakilti rezen sou latè.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 9:20
15 Referans Kwoze  

Pou sa, SENYÈ Bondye a te voye l deyò jaden Eden nan, pou kiltive tè a, nan sila li te sòti a.


Ankò, li te bay nesans a frè li, Abel. Epi Abel se te yon bèje bann mouton, men Cain t ap laboure tè a.


Alò, li te rele non li Noé, e li te di: “Sila a va bannou repo sou travay di nou fè ak men nou ki leve sòti nan tè ke SENYÈ a te modi a.”


Twa sila yo se te fis Noé yo, e nan twa sila yo tout tè a te vin peple.


Li te bwè diven, e li te vin sou. Konsa li te dekouvri kò li anndan tant li an.


Bouch a moun dwat se yon fontèn dlo lavi, men bouch a mechan an kache vyolans.


Sila ki raboure tè li a va gen anpil pen; men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.


Mwen te pase nan chan parese a; akote chan rezen a nonm ki manke bon konprann nan.


Apre tout bagay, yon wa ki kiltive latè se yon avantaj pou peyi a.


Pa gade mwen konsa akoz mwen nwa; solèy la brile m konsa. Fis a manman m yo te byen fache avè m; Yo te fè m gadyen chan rezen yo. Men pwòp jaden pa m nan vin neglije.


Kilès ki nan nenpòt tan ki sèvi kòm yon sòlda ak pwòp depans pa l? Kilès ki plante yon chan rezen e ki pa manje fwi li? Oubyen kilès ki bèje yon bann mouton e ki pa itilize lèt bann mouton an?


Kilès nan mesye yo ki te plante yon chan rezen e ki poko sèvi nan fwi li? Kite li sòti retounen lakay li. Otreman, li kapab mouri nan batay la e yon lòt moun va vin sèvi nan fwi li a.


“Nou va fiyanse yon madanm, men yon lòt mesye va vyole li. Nou va bati yon kay, men nou p ap viv ladann. Nou va plante yon chan rezen, men nou p ap sèvi nan fwi li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite