19 Twa sila yo se te fis Noé yo, e nan twa sila yo tout tè a te vin peple.
19 Se twa pitit Noye sa yo ki peple mete moun sou tout latè.
Mete deyò avèk ou tout chè vivan ki avèk ou, zwazo, animal, ak tout bèt sila yo ki kouri atè, pou yo kapab kouple anpil sou latè, pou vin fekon, e miltipliye anpil sou tè a.
Noé te gen laj senk-san ane, e li te vin papa a Sem, Cham, ak Japhet.
Konsa, Bondye te beni Noé avèk fis li yo. Li te di yo: “Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè.
Epi pou nou, se pou nou vin fekon, e miltipliye. Peple tè a anpil, e miltipliye ladann.”
Alò, Noé te kòmanse kiltive tè a. Li te plante yon chan rezen.
Alò, sa yo se achiv a jenerasyon yo pou Cham, Sem, ak Japhet, fis Noé yo. Fis te ne pou yo apre delij la.