Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 42:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Joseph te sonje rèv ke li te gen sou yo a, e li te di yo: “Se espyon nou ye! Nou te vin chache konnen pwen fèb nan defans peyi nou an.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Lè sa a Jozèf vin chonje rèv li te fè sou frè l yo. Li di yo: — Nou se yon bann espyon. Nou vin isit la pou n chache konnen pwen fèb peyi a.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 42:9
15 Referans Kwoze  

Frè li yo te fè jalouzi akoz li, men papa li te kenbe pawòl sa yo nan tèt li.


Voye youn nan nou ale pou li kapab chache frè nou an, pandan n ap rete anprizone, pou pawòl nou yo kapab pase a leprèv, si gen verite nan nou. Men si non, pa lavi Farawon, vrèman nou se espyon.”


Men mennen pi jenn frè ou a kote mwen pou m ka konnen ke nou pa espyon, men ke nou se moun onèt. Mwen va bay ou frè ou a, e w ap kapab fè komès nan peyi a.’”


Men prens a Amonit yo te di a Hanun, mèt pa yo a: “Èske ou kwè ke David ap onore papa ou akoz li te voye moun konsole ou? Èske David pa t pito voye sèvitè li yo kote ou pou fè ankèt vil la, pou espyone ak boulvèse li?”


Konsa, SENYÈ a te frape pèp la akoz sa yo te fè avèk jèn towo ke Aaron te fè a.


Voye mesye ki kapab fè espyonaj nan peyi Canaran ke Mwen va bay fis Israël yo. Ou va voye yon nonm sòti nan chak tribi zansèt a papa pa yo, youn nan chèf pami yo.


Donk yo te veye li, e te voye espyon ki te pretann ke se te moun jis yo te ye, pou yo ta kapab kenbe Li nan yon pawòl, pou yo ta kab livre Li devan lalwa a ak otorite gouvènè a.


Pa lafwa Rahab fanm movèz vi a, pa t peri ansanm avèk sila ki te dezobeyisan yo, apre li te fin resevwa espyon yo an pè.


Epi Josué, fis a Nun nan, te voye de mesye kòm espyon an sekrè soti Sittim. Li te di: “Ale gade peyi a, sitou Jéricho.” Epi yo te ale e te antre lakay a yon pwostitiye ki te rele Rahab. Yo te dòmi la.


Konsa, jennonm ki te espyon yo te antre. Yo te mennen Rahab deyò avèk papa l ak manman l, frè li yo avèk tout sa li te genyen. Anplis, yo te mete deyò tout fanmi li yo e te plase yo deyò kan Israël la.


Espyon yo te wè yon nonm ki t ap sòti nan vil la. Yo te di li: “Souple, montre nou kote pou nou antre nan vil la, e nou va fè ou gras.”


Konsa, David te voye espyon yo deyò, e li te konnen san dout ke Saül t ap vini.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite