Ke anpil pèp vin sèvi ou, e ke nasyon yo bese devan ou. Vin mèt sou frè ou yo, e lese fis a manman ou yo vin bese a ou menm. Modi va sila ki modi ou yo. Beni va sila ki beni ou yo.”
Isaac te reponn Ésaü: “Gade byen, mwen te fè li mèt ou, e tout moun nan fanmi li, mwen te bay li yo kòm sèvitè. Avèk sereyal avèk diven nèf mwen te bay li soutyen. Alò, pou ou, kisa m kapab fè, fis mwen?”
Alò, frè li yo te di li: “Èske vrèman ou ap vin renye sou nou? Oswa èske ou ap vin gouvène sou nou?” Epi yo te vin rayi li plis pou rèv li yo, ak pawòl li yo.
Alò, pandan Abdias te nan wout la, vwala, Élie te rankontre li. Abdias te rekonèt li e te tonbe sou figi li. Li te di: “Èske se ou menm, Élie, mèt mwen an?”