Jenèz 42:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen21 Yo te di youn a lòt: “Vrèman, nou koupab nan zafè frè nou an, akoz nou te wè jan nanm li te twouble lè li te plede avèk nou, men nou te refize tande. Pou sa, kriz sila a vin rive sou nou.” Gade chapit la1998 Haïtienne21 Yonn t'ap di lòt: — Nou wè. Nou peye sa nou te fè frè nou an pase. Se vre wi. Nou te fè mal lè nou te fè frè nou an pase tou sa nou te fè l la. Nou te wè ki jan sa te fè l lapenn anpil, lè li t'ap mande nou fè l gras. Men, nou pat vle koute l. Se poutèt sa nou nan tout traka sa a. Gade chapit la |
Akoz sa, pale SENYÈ a: “Nou pa t obeyi Mwen nan pwoklame libète chak mesye a frè li, e chak mesye a vwazen li, gade byen, Mwen ap pwoklame libète pou nou,” deklare SENYÈ a: “pou nepe a, pou envazyon ensèk ak maladi, pou gwo grangou. Konsa, Mwen va fè nou vin yon objè lèd e degoutan pou tout wayòm yo sou latè yo.