Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 42:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Reuben te reponn yo, e te di: “Èske mwen pa t di nou: ‘Pa peche kont tigason an;’ men nou te refize tande? Konsa, fwi san li an vin parèt.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Riben di yo: — Mwen te di nou pa fè tibway la anyen, men nou pat vle koute m. Kounyeya se lanmò tibway la n'ap peye.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 42:22
19 Referans Kwoze  

Paske Sila ki egzije san an sonje yo; Li pa janm bliye kri a sila ki oprime yo.


Konsa, Joas pa t sonje bonte ke papa li, Jehojada te montre li a, men li te touye fis li. Epi pandan li t ap mouri, li te di: “Ke SENYÈ a wè e fè revandikasyon!”


SENYÈ a va fè san li retounen sou pwòp tèt li, akoz li te tonbe sou de mesye ki te pi dwat e pi bon ke li menm yo. Li te touye yo avèk nepe, pandan papa m, David pa t konnen: Abner, fis a Ner a, chèf lame Israël la ak Amasa, fis a Jéther a, chèf lame a Juda.


Moun yo te chode avèk yon chalè. Konsa, yo te blasfeme non Bondye ki gen pouvwa sou fleyo sa yo, men yo pa t repanti pou ta ba Li glwa.


Si yon moun gen pou ale an kaptivite, an kaptivite li prale. Si yon moun dwe touye avèk nepe, avèk nepe, li va touye. Se konsa ak lafwa ak pèseverans a sen yo.


Konsa yo demontre ke zèv Lalwa yo se byen ekri nan kè yo. Se pwòp konsyans yo ki bay temwayaj, epi panse yo, pafwa ap bay kondanasyon e pafwa ap defann yo.


Lè natif yo te wè bèt la k ap pann soti nan men li, yo te kòmanse di youn ak lòt: “San dout mesye sa a se yon asasen, epi malgre li sove soti nan lanmè a, jistis p ap kite li viv.”


Epi nou menm avèk jistis, paske nou ap resevwa sa ke nou merite pou zèv nou yo; men mesye sila a pa fè okenn mal.”


Lè Mwen di a mechan an: ‘Ou va, anverite, mouri’ e ou pa avèti li, ni pale fò pou avèti mechan an pou kite chemen mechan l lan, pou l ka viv, mechan sila a va mouri nan inikite li, men san li, mwen va egzije li soti nan men ou.


Li te di: “Kisa ou te fè la a? Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a.


Men yo pa t konnen ke Joseph te konprann, paske te gen yon entèprèt antre yo.


Alò, Joseph te di a frè li yo: “Mwen se Joseph! Èske papa m toujou vivan?” Men frè l yo pa t kapab reponn li, paske yo te plen de gwo perèz akoz prezans li.


Lè frè a Joseph yo te wè ke papa yo te mouri, yo te di: “Kisa ki va rive si Joseph toujou pote lahèn kont nou, e deside fè vanjans pou sa nou te fè l la?”


Konsa, Jonathan te pale ak Saül, papa li, kèk bon pawòl sou David. Li te di li: “Pa kite wa a peche kont sèvitè li, David. Paske li menm pa t peche kont ou; akoz zèv pa li yo, li te ede ou anpil.


Konsa, san yo va retounen sou tèt Joab avèk tèt desandan li yo pou tout tan. Men a David avèk desandan li yo, lakay li ak twòn li an, pou kapab gen lapè soti nan SENYÈ a pou tout tan.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite