Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 40:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Epi yo te di li: “Nou te fè yon rèv, e nanpwen pèsòn pou entèprete li.” Alò, Joseph te di yo: “Èske entèpretasyon yo pa apatyen a Bondye? Di m istwa sa a, souple.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Yo reponn li: — Nou chak fè yon rèv, men pa gen pèsonn isit la ki ka esplike nou rèv yo. Josèf reponn yo: — Eske se pa Bondye sèl ki ka esplike bagay konsa? Rakonte m rèv nou yo.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 40:8
17 Referans Kwoze  

Epi chèf responsab goute diven nan te pataje rèv li avèk Joseph, e li te di a li menm: “Nan rèv mwen an, gade byen, te gen yon pye rezen devan m,


Alò, Joseph te di a Farawon: “Rèv a Farawon yo se yon sèl ke yo ye; Bondye te di a Farawon kisa ki prèt pou fèt.


“Si gen yon zanj pou ta entèsede pou li, se tankou youn nan yon milye, ki pou ta fè yon moun sonje sa k ap bon pou li,


Lamitye SENYÈ a se pou sila ki gen lakrent Li yo. Li va fè yo konnen akò Li.


Lè y ap di nou: “Konsilte sila ki konn pale ak mò yo ak divinò ki yo menm pale ak ti souf e bougonnen;” èske yon pèp pa ta dwe konsilte Bondye pa yo? Èske yo ta dwe konsilte mò yo pou sila ki vivan yo?


Anplis, bagay ke wa a mande a difisil, e nanpwen okenn lòt moun ki ka deklare li bay wa a sof ke dye yo, ki pa rete nan chè mòtèl.”


Daniel te reponn devan wa a. Li te di: “Konsènan mistè sou sila wa a te mande a, ni mesye saj yo, ni mèt zetwal yo, ni majisyen yo, ni divinò yo p ap kapab deklare sa a wa a.


Men gen yon Bondye nan syèl la ki devwale mistè yo, e Li te fè konnen a Wa Nebucadnetsar sa ki va rive nan dènye jou yo. Men rèv ak vizyon nan tèt ou yo sou kabann ou an, se konsa:


Wa a te di yo: “Mwen te fè yon rèv e lespri m vin twouble pou l ta konprann rèv la.”


Wa a te reponn Daniel. Li te di: “Anverite, Bondye ou a se yon Dye a tout dye yo, yon Senyè a wa yo, e youn ki devwale mistè yo; paske ou te vin gen kapasite pou revele mistè sila a.”


Men finalman, Daniel te antre devan m, ke non li te Beltschatsar, selon non dye pa mwen an e nan sila lespri a dye sen yo ye a. Mwen te pale rèv la a li menm, e te di:


Men mwen te tande konsènan ou menm, ke ou kapab bay entèpretasyon, e rezoud pwoblèm difisil. Alò, si ou kapab li enskripsyon an, e fè mwen konnen entèpretasyon an, ou va abiye an mov, pote yon kolye an lò nan kou ou e ou va gen otorite kon twazyèm chèf nan wayòm nan.”


Anverite, SENYÈ a p ap fè anyen, san Li pa aveti sèvitè li yo, pwofèt yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite