Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 37:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Alò li te vin fè yon rèv toujou, li te eksplike li bay frè li yo. Li te di: “Gade, mwen te fè yon lòt rèv; e gade byen, solèy la, lalin lan avèk onz zetwal yo t ap bese ba devan mwen.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Apre sa, Jozèf fè yon lòt rèv ankò. Li rakonte l bay frè li yo. Li di yo: — Mwen fè yon lòt rèv. Mwen wè solèy la, lalin lan ansanm ak onz zetwal ki t'ap bese tèt devan mwen.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 37:9
19 Referans Kwoze  

Men Bondye te vini a Abimélec nan yon rèv nan nwit, e Li te di li: “Veye byen, ou se yon moun ki fin mouri akoz fanm ke ou te pran an, paske li marye.”


Li te eksplike li bay papa li avèk frè li yo. Papa li te reprimande li e te di l: “Kisa sa ye, rèv sa ou te fè a? Èske mwen, manman ou avèk frè ou yo vrèman ap vin bese atè devan ou?”


Gade byen, nou t ap mare pakèt rekòlt yo nan chan an, e gade byen, pakèt pa nou yo te vin antoure pa m nan e yo te vin bese devan pakèt pa mwen yo.”


Alò, frè li yo te di li: “Èske vrèman ou ap vin renye sou nou? Oswa èske ou ap vin gouvène sou nou?” Epi yo te vin rayi li plis pou rèv li yo, ak pawòl li yo.


Alò, Joseph te di a Farawon: “Rèv a Farawon yo se yon sèl ke yo ye; Bondye te di a Farawon kisa ki prèt pou fèt.


Alò, pou afè repete rèv la de fwa a, li vle di Farawon ke koze sa a deja detèmine pa Bondye, e Bondye va fè l parèt byen vit.


Alò, Joseph te an pouvwa nan peyi a. Se te li menm ki te vann a tout pèp nan peyi a. Epi frè a Joseph yo te vin bese ba devan li avèk figi yo atè.


Lè Joseph te rive lakay li, yo te pote kado ki te nan men yo bò kote li nan kay la, e yo te bese atè devan li.


Yo te di: “Sèvitè ou a, papa nou toujou byen; li toujou vivan.” Yo te bese ba pou bay respè.


Lè Juda avèk frè li yo te vini lakay Joseph, li te toujou la, e yo te tonbe atè devan li.


Mèt mwen an te mande sèvitè li yo, e te di: ‘Èske nou genyen yon papa, oswa yon frè?’


“Fè vit, monte vè papa m pou di l: ‘Se konsa ke fis ou a, Joseph pale: “Bondye gen tan fè m mèt pou tout Égypte la. Fè vit, vin desann kote mwen, e pa mize.”


Joseph te prepare cha li, li te monte Gosen pou rankontre papa li, Israël. Depi li te parèt devan li, li te tonbe nan kou li e li te kriye nan kou li pandan anpil tan.


Joseph te founi papa li ak frè li yo, avèk tout lakay li avèk manje, selon fòs kantite pitit pa yo.


Li te grandi rive jis nan lame syèl la. Li te fè kèk nan lame a ak kèk nan zetwal yo tonbe atè, e li te ponpe sou yo.


Li te di: “Koute pawòl Mwen koulye a: Si gen yon pwofèt pami nou, Mwen, SENYÈ a, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt a li menm nan yon vizyon. Mwen va pale avèk li nan yon rèv.


Konsa nou va san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite