Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 37:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Li te eksplike li bay papa li avèk frè li yo. Papa li te reprimande li e te di l: “Kisa sa ye, rèv sa ou te fè a? Èske mwen, manman ou avèk frè ou yo vrèman ap vin bese atè devan ou?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Li rakonte rèv la bay papa l ansanm ak frè l yo. Men papa a t'ap rale zòrèy li, li t'ap di l: — Ki kalite rèv w'ap fè konsa a? Kounyeya, se pou mwen menm, manman ou ansanm ak onz frè ou yo, pou nou vin bese tèt devan ou?

Gade chapit la Kopi




Jenèz 37:10
8 Referans Kwoze  

Ke anpil pèp vin sèvi ou, e ke nasyon yo bese devan ou. Vin mèt sou frè ou yo, e lese fis a manman ou yo vin bese a ou menm. Modi va sila ki modi ou yo. Beni va sila ki beni ou yo.”


Gade byen, nou t ap mare pakèt rekòlt yo nan chan an, e gade byen, pakèt pa nou yo te vin antoure pa m nan e yo te vin bese devan pakèt pa mwen yo.”


Alò li te vin fè yon rèv toujou, li te eksplike li bay frè li yo. Li te di: “Gade, mwen te fè yon lòt rèv; e gade byen, solèy la, lalin lan avèk onz zetwal yo t ap bese ba devan mwen.”


Lè Joseph te rive lakay li, yo te pote kado ki te nan men yo bò kote li nan kay la, e yo te bese atè devan li.


Yo te di: “Sèvitè ou a, papa nou toujou byen; li toujou vivan.” Yo te bese ba pou bay respè.


Lè Juda avèk frè li yo te vini lakay Joseph, li te toujou la, e yo te tonbe atè devan li.


Fis a sila ki te aflije ou yo va vin bese devan ou e tout sila ki te meprize ou yo va bese yo menm devan pla pye ou. Yo va rele ou vil SENYÈ a, Sion a Sila Ki Sen an Israël la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite