Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 9:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Paran li te pale konsa paske yo te krent Jwif yo. Pwiske Jwif yo te deja dakò ke si nenpòt moun te konfese L kon Kris la, yo ta mete l deyò nan sinagòg la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Papa a ak manman an te pale konsa paske yo te pè jwif yo. Paske, jwif yo te tonbe dakò sou pwen sa a: Tout moun ki ta di Jezi se Kris la, yo t'ap mete yo deyò nan sinagòg la.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Paran yo te pale kon sa paske yo te pè lidè Jwif yo. Lidè yo te gentan antann yo pou yo pini tout moun ki di Jezi se Mesi a. Yo ta mete l deyò nan Sinagòg la.

Gade chapit la Kopi




Jan 9:22
24 Referans Kwoze  

Lakrent a lòm mennen yon pèlen; men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.


“Mwen, Mwen menm se Sila ki bannou konsolasyon an. Se kilès ou ye pou ou pè moun ki va mouri, ak fis a moun ki fèt tankou zèb la?


“Koute Mwen, nou menm ki konnen ladwati, yon pèp ki gen lalwa M nan kè yo. Pa pè repwòch a lòm, ni dekouraje lè y ap meprize nou.


De kilès ou te pè e twouble a, ki fè w manti pou w pa sonje Mwen an, ni menm panse a Mwen an? Èske Mwen pa t rete an silans pou anpil tan ki fè ou pa gen lakrent Mwen an?


“Beni se nou menm lè lèzòm rayi nou, izole nou, ensilte nou, e bafwe non nou kon mechan pou koz Fis a Lòm nan.


E sa se temwayaj a Jean, lè Jwif yo te voye prèt yo avèk Levit yo pou mande l “Ki moun ou ye?”


“Yo va mete nou deyò nan sinagòg la, epi lè a ap vini ke y ap konprann ke se yon sèvis yo rann Bondye lè yo touye nou.


Apre bagay sa yo, Joseph d'Arimathée, ki te yon disip a Jésus, men an sekrè akoz perèz a Jwif yo, te mande Pilate pou l kite li pran kò Jésus. E Pilate te bay li pèmisyon.


Konsa, lè l fènwa nan menm jou sa a, premye jou nan semèn nan, lè pòt yo te fèmen kote disip yo te ye a, akoz laperèz a Jwif yo, Jésus te vini epi kanpe nan mitan yo. Li te di yo: “Lapè avèk nou.”


Malgre sa, pèsòn pa t pale ovètman konsènan Li, paske yo te pè Jwif yo.


Jwif yo pa t kwè ke li te avèg pou l te vin wè, jis lè yo rele paran a sila a ki te resevwa vizyon li.


Men kijan li wè koulye a, nou pa konnen. Mande li. Li rive sou laj li. Li ka pale pou kont li.”


Yo te reponn li e te di: “Ou te fèt nèt nan peche! Èske ou ap enstwi nou?” Konsa, yo te mete l deyò.


Jésus te tande ke yo te mete l deyò. E Li te twouve li e te di: “Èske ou kwè nan Fis a Lòm nan?”


Yo te rele yo, e te kòmande yo pou yo pa pale ni enstwi menm nan non Jésus a.


Pou lòt yo, pa t gen pèsòn ki te gen kouraj pou vin jwenn avèk yo, men pèp la te bay yo lwanj.


Yo te koute konsèy li. Apre yo te rele apòt yo antre, yo te bat yo avèk fwèt, e te kòmande yo pou yo pa pale nan non Jésus, e te lage yo.


Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite