Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 8:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Mwen gen anpil bagay pou pale e pou jije konsènan nou. Sinon, Li menm ki te voye M nan vrè. E bagay ke M te tande de Li yo, sa yo Mwen pale a lemonn.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Mwen gen anpil bagay pou m di sou nou, anpil bagay menm pou m jije nan nou. Men, moun ki voye m lan, se verite ase li di. Se sèlman sa m pran nan bouch li m'ap anonse bay lèzòm ki sou latè.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Mwen gen anpil bagay pou m ta kritike pi plis toujou sou nou. Men, m ap di nou sa m tande moun ki voye m nan di sèlman, epi sa l di se verite a.”

Gade chapit la Kopi




Jan 8:26
17 Referans Kwoze  

Mwen p ap rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen kisa mèt li ap fè. Men Mwen rele nou zanmi, paske tout bagay ke Mwen tande nan Papa M, Mwen fè nou konnen.


“Mwen gen anpil bagay anplis pou M ta di nou, men nou p ap kab sipòte yo koulye a.


Paske pawòl ke Ou te ban Mwen yo, Mwen bay yo, e yo te resevwa yo e te vrèman konprann ke Mwen soti nan Ou menm. Yo te kwè ke Ou te voye Mwen.


Jésus te reponn Li: “Mwen pale ouvètman a lemonn. Mwen te toujou enstwi nan sinagòg yo, ak nan tanp lan, kote tout Jwif yo rasanble. E Mwen pa t pale anyen an sekrè.


Anverite, anverite, Mwen di ou, nou pale sa ke nou konnen, e fè temwayaj de sa ke nou konn wè, e ou pa aksepte temwayaj nou.


Pou sa, Jésus te reponn yo e te di: “Lenstriksyon pa M se pa pa M, men se pou Li menm ki te voye M nan.


Akoz sa a, Jésus te rele fò nan tanp lan e te enstwi e te di: “Nou non sèlman konnen Mwen e kote Mwen sòti. Mwen pa t vini pou kont Mwen, men Li menm ki te voye M nan vrè. Li menm ke nou pa konnen an.


Epi yo t ap di Li: “Ki moun Ou ye?” Epi Jésus te di yo “Menm sa a Mwen t ap di nou depi kòmansman.


Yo pa t konprann ke Li t ap pale avèk yo konsènan Papa a.


Men jan li ye a, nou ap chache pou touye M, yon nonm ki di nou laverite ke M te tande depi nan Bondye. “Sila a, Abraham pa t janm fè.


Men jan Bondye fidèl la, pawòl nou anvè ou menm se pa wi avèk non ansanm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite