Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 7:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Pou sa, Jwif yo te etone, e t ap di “Kijan nonm sa a vin edike konsa, konsi Li pa te janm enstwi?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Jwif yo pa te manke sezi. Yo t'ap di: — Ki kote nonm sa a aprann tout bagay sa yo? Epoutan li pa fè gwo etid.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Lidè Jwif yo te sezi epi yo di: “Kòman nonm sa a fè konnen tout bagay sa yo? Li pa te janm etidye menm jan ak nou!”

Gade chapit la Kopi




Jan 7:15
18 Referans Kwoze  

Konsa liv la va bay a sila ki pa ka li, e y ap di l: “Souple, li sa a.” Epi li va di: “Mwen pa kapab li.”


Li rive nan vil pa Li a, e Li te kòmanse preche nan sinagòg yo, jiskaske yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve sajès sila a ak pouvwa fè mirak sa yo?


Lè yo tande sa, yo te etone e yo te kite Li ale.


Lè foul la te tande sa, yo te etone de jan Li te enstwi a.


Tout sila ki te tande Li yo te etone de jan li te konprann, ak repons ke Li te bay yo.


Epi tout moun t ap pale byen de Li, e yo te etone akoz pawòl a gras ki ap tonbe soti nan lèv Li. Yo t ap di: “Se pa fis a Joseph la?”


E sa se temwayaj a Jean, lè Jwif yo te voye prèt yo avèk Levit yo pou mande l “Ki moun ou ye?”


Konsa, Jwif yo t ap chache pou Li nan fèt la e t ap di: “Kote Li ye?”


Malgre sa, pèsòn pa t pale ovètman konsènan Li, paske yo te pè Jwif yo.


Ofisye yo te reponn: “Janmen yon moun pa pale tankou moun sa a pale.”


Pandan Paul t ap di sa nan defans li, Festus te di ak yon gwo vwa: “Paul, tèt ou fin pati! Gran konesans ou fè ou vin fou.”


Alò, lè yo te wè konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo.


Li vin rive ke lè tout moun ki te rekonèt li oparavan yo te wè ke koulye a li pwofetize avèk pwofèt yo, ke pèp la te di youn ak lòt: “Kisa ki rive a fis a Kish la? Èske Saül osi pami pwofèt yo?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite