Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 7:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Men se lè yo te rive nan mitan fèt la ke Jésus te monte nan tanp lan, e te kòmanse ansegne.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Te rete kat jou ankò pou fèt la te fini, lè Jezi al nan tanp lan. Li konmanse pale.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Peryòd fèt la te deja nan mwatye konsa, Jezi ale nan tanp lan epi Li te kòmanse anseye.

Gade chapit la Kopi




Jan 7:14
16 Referans Kwoze  

“Gade byen, Mwen va voye mesaje Mwen an, e li va netwaye chemen an devan Mwen. Konsa, Senyè a, ke n ap chache a, va vini sibitman nan tanp Li an. Gade byen, mesaje akò a, nan sila nou pran plezi a, L ap vini,” pale SENYÈ Dèzame yo.


“‘Epi nan dezyèm jou a: douz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo;


“‘Epi nan twazyèm jou a: onz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo;


Jésus te antre nan tanp lan e te chase mete tout moun deyò ki t ap achte e vann nan tanp lan. Li te chavire tab a moun ki t ap chanje lajan yo, avèk chèz a moun ki t ap vann toutrèl yo.


Nan moman sa a, Jésus te di a foul la: “Èske nou vini avèk nepe ak baton pou arete M, konsi nou ta vin kont yon vòlè? Chak jou Mwen te konn chita nan tanp lan pou enstwi nou, e nou pa t janm sezi M.


Chak jou Li t ap enstwi nan tanp lan, men chèf prèt ak skrib yo avèk direktè yo pami pèp la t ap eseye detwi Li.


Jésus te reponn Li: “Mwen pale ouvètman a lemonn. Mwen te toujou enstwi nan sinagòg yo, ak nan tanp lan, kote tout Jwif yo rasanble. E Mwen pa t pale anyen an sekrè.


Apre, Jésus te twouve li nan tanp lan, e te di l: “Gade, ou gen tan geri. Pa peche ankò pou anyen pi mal pa vin tonbe sou ou.”


Koulye a, fèt a Jwif yo, Fèt Tonèl yo, t ap pwoche.


Akoz sa a, Jésus te rele fò nan tanp lan e te enstwi e te di: “Nou non sèlman konnen Mwen e kote Mwen sòti. Mwen pa t vini pou kont Mwen, men Li menm ki te voye M nan vrè. Li menm ke nou pa konnen an.


Nan dènye jou fèt la, Jésus te kanpe e te kriye: “Si nenpòt moun swaf, kite L vin kote Mwen epi bwè!


Gran maten a Li te vini ankò nan tanp lan, e tout pèp la t ap vin kote Li. E Li te chita, pou kòmanse enstwi yo.


Pawòl sa yo Li te pale nan trezò a, pandan Li t ap enstwi nan tanp lan. Men pèsòn pa t sezi Li, paske lè Li poko te rive.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite