Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 19:42 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

42 Pou sa, akoz jou Preparasyon Jwif la, e akoz ke tonm nan te prè, yo te poze Jésus la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

42 Se te lavèy saba jwif yo, epi kavo a te toupre. Se sa ki fè, se la yo te mete kò Jezi.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

42 Poutèt se te jou pou Jwif yo te fè preparasyon pou Jou repo a, epi tou kav la te toupre, se ladan yo te mete Jezi.

Gade chapit la Kopi




Jan 19:42
10 Referans Kwoze  

Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari. Lang mwen kole akote nan bouch mwen. Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.


Tonbo pa L te pataje pami moun mechan yo, men se avèk yon nonm rich Li te ye nan lanmò Li, malgre Li pa t fè okenn vyolans, ni pa t gen okenn desepsyon nan bouch Li.


Menm jan ke Jonas te pase twa jou ak twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa Fis a Lòm nan ap pase twa jou ak twa nwit nan kè latè.


Se te Jou Preparasyon pou Pak Jwif la. Li te anviwon sizyèm lè. Li te di a Jwif yo: “Men Wa nou!”


Konsa, anpil nan Jwif yo te li enskripsyon sila a, paske plas kote Jésus te krisifye a te prè vil la, e li te ekri nan Ebre, Latin ak Grèk.


Pou sa, Jwif yo, akoz ke se te Jou Preparasyon an, e ke kò yo pa ta dwe rete sou lakwa pandan Saba a, pwiske Saba a te yon gwo jou sen, te mande Pilate pou kase janm tout moun yo, pou yo ta kapab retire yo.


Nan plas kote Li te krisifye a, te gen yon jaden, e nan jaden an yon tonm nèf kote pèsòn poko te poze.


Epi lè yo te fin akonpli tout sa ki te ekri konsènan Li yo, yo te retire Li sou kwa a, e yo te mete l nan yon tonm.


ke Li te antere, e ke Li te leve nan twazyèm jou a selon Ekriti yo.


Nou te antere avèk Li nan batèm nan. Nan li menm, nou te anplis resisite avèk Li pa lafwa kon yon zèv Bondye, ki te leve Li sòti nan lanmò a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite