Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 19:41 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Nan plas kote Li te krisifye a, te gen yon jaden, e nan jaden an yon tonm nèf kote pèsòn poko te poze.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

41 Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te gen yon jaden. Nan jaden an te gen yon kavo tou nèf. Yo pat ankò mete pèsonn ladan li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

41 Kote yo te krisifye Jezi a te gen yon jaden. Nan jaden sa a, te gen yon kav tou nèf, yo pa t ko mete pèsonn ladan.

Gade chapit la Kopi




Jan 19:41
7 Referans Kwoze  

Sèvitè li yo te kondwi kadav li a nan yon cha soti Méguiddo pou te mennen li rive Jérusalem, e yo te antere li nan pwòp tonm pa li. Konsa, pèp peyi a te pran Joachaz, fis a Josias la, yo te onksyone li, e yo te fè l wa nan plas papa li.


‘Ki dwa ou gen isit la e se kilès ou gen isit la ki fè w fouye yon tonm pou ou menm isit la?’ Ou menm ki fouye yon tonm sou gran wotè a, ki fouye yon plas repo nan wòch la?”


Li te mete li nan pwòp tonm nèf pa li, ki te fouye nan wòch. Li te woule yon gwo wòch kont antre a, e li te kite lye a.


Konsa, li te desann kò li, li te vlope li nan yon twal lèn, e li te depoze li nan yon tonbo ki te fouye nan wòch, kote pèsòn pa t janm te depoze.


Pou sa, akoz jou Preparasyon Jwif la, e akoz ke tonm nan te prè, yo te poze Jésus la.


Jésus te di li “Fanm, poukisa w ap kriye? Kilès w ap chèche?” Byen kwè ke Li te mèt jaden an, li te di L: “Mesye si ou te pote Li ale, di m kote ou mete Li, epi m ap pran L mennen L ale.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite