Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 13:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Konsa, lè l gen tan ale, Jésus te di: “Koulye a Fis a Lòm nan gen tan resevwa glwa, epi Bondye resevwa glwa nan Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

31 Apre Jida fin ale, Jezi di konsa: — Se kounyeya nou pral wè pouvwa Moun Bondye voye nan lachè a. Se kounyeya li pral fè nou wè pouvwa Bondye parèt nan li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

31 Lè Jida soti, Jezi di konsa: “Kounye a yo pral glorifye Pitit Lòm nan, li menm li glorifye Bondye nan lavi l.

Gade chapit la Kopi




Jan 13:31
27 Referans Kwoze  

Jésus te di li: “Rena yo gen twou pou yo kache, e zwazo anlè yo gen nich pa yo, men Fis a Lòm nan pa gen kote pou repoze tèt Li.”


“Men Mwen gen yon batèm pou M pase, e kijan sa twouble M jiskaske li fin acheve!


Men lè Jésus te tande sa, Li te di: “Maladi sa a se pa a lanmò, men pou glwa Bondye, pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa de li.”


Jésus te reponn yo e te di: “Lè a rive pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa.


Papa, ke non Ou kapab resevwa glwa!” Yon vwa te sòti nan syèl la: “Mwen te non sèlman bay li glwa a, men Mwen va bay li glwa ankò.”


“Konsa, nenpòt bagay ke nou mande nan non Mwen, M ap fè li pou Papa a kapab resevwa glwa nan Fis la.


Li va fè M resevwa glwa Mwen, paske l ap pran sa ki pou Mwen, e fè nou konprann li.


Men sa, Li te pale konsènan Lespri a, ke sa ki te kwè nan Li yo ta resevwa. Paske Lespri a poko te parèt, akoz Jésus poko te vini nan glwa Li.


“Donk, kite tout lakay Israël la konnen san dout ke Bondye fè Li ni Senyè, ni Kris la —Jésus sila a ke nou te krisifye a.”


“Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, Bondye a zansèt nou yo, te bay glwa a sèvitè Li a, Jésus Kri ke nou te livre ak nye nan prezans a Pilate lè li menm te byen deside pou lage L.


Men nou tout, avèk figi devwale k ap gade tankou nan yon miwa laglwa Senyè a k ap transfòme nan menm imaj a glwa sa a, jis rive nan glwa ki sòti nan Senyè a, ki se Lespri a.


afenke nou menm ki te premye espere nan Kris la, ta kapab sèvi kòm lwanj a glwa Li.


pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri.


Pou tout sajès a Bondye a ta kapab vin konnen koulye a atravè legliz la, a tout pouvwa ak otorite nan lye selès yo.


epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.


ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.


Kenbe kondwit nou pwòp pami pèp etranje yo, pouke nan bagay ke yo pale mal sou nou kòm malfektè yo, yo kapab akoz bon zèv nou, bay Bondye glwa, lè yo wè yo nan jou gran vizitasyon selès la.


Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite