Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 1:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Paske moun sa a pa dwe sipoze ke li va resevwa anyen nan men Senyè a,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Yon moun konsa pa bezwen mete nan tèt li l'ap resevwa anyen nan men Senyè a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7-8 Yon moun kon sa pa bezwen kwè l ap jwenn kèk bagay nan men Senyè a, se yon moun ki pa konnen sa l vle, k ap woule de bò.

Gade chapit la Kopi




Jak 1:7
7 Referans Kwoze  

Sakrifis a mechan an abominab a SENYÈ a; men lapriyè moun dwat yo se gwo plezi Li.


Sakrifis a mechan yo abominab; se konbyen anplis, lè l pote ak movèz fwa.


Pou sa, lè nou ouvri men nou nan lapriyè, Mwen va kache zye M de nou menm. Wi, menm si nou ogmante lapriyè nou yo, Mwen p ap koute yo. Men nou kouvri ak san.


Men li dwe mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an.


tankou yon moun ak doub panse, ki enstab nan tout chemen li yo.


Nou mande e nou pa resevwa, paske nou mande avèk anbisyon ki pa pwòp yo, pou nou kab pase li nan plezi nou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite