Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jak 1:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Men li dwe mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Men, se pou li mande ak konfyans, san l pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Men lè w mande Bondye, ou dwe fè l konfyans, san w pa gen dout sou li. Nenpòt moun k ap doute, li sanble ak gwo lanm lanmè yon van ap leve voye anlè.

Gade chapit la Kopi




Jak 1:6
14 Referans Kwoze  

Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo.


Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon;


Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.


Pa vin pote ale pa doktrin varye e dwòl, paske li bon pou kè a ranfòse pa lagras, men pa ak kalite manje ki pa t bay benefis a sila ki te swiv yo.


Konsa, mwen vle moun tout kote priye; vin leve men sen yo, san kòlè ak doute.


Sa yo se sous san dlo e nyaj ki pouse pa yon van tanpèt pou sila tenèb fènwa fin rezève nèt la.


San kontwòl tankou dlo k ap bouyi, ou p ap genyen premye; akoz ke ou te monte sou kabann papa ou, epi ou te souye li. Li te monte sou kabann mwen.


Konsa, Pierre te reponn Li: “Senyè, si se Ou menm, kòmande m vin kote Ou sou dlo a.”


Alò, leve desann eskalye a pou akonpanye yo san doute anyen. Paske se Mwen menm ki voye yo.”


Paske moun sa a pa dwe sipoze ke li va resevwa anyen nan men Senyè a,


Konsa, priyè la ki ofri nan lafwa a va restore sila ki malad, e Senyè a va fè l leve. Si li te fè peche, yo va padone.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite