Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Filipyen 2:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Paske yo tout chache pwòp enterè pa yo, e pa sila a Kris Jésus a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Tout lòt yo, se zafè pa yo ase y'ap regle, yo p'ap defann kòz Kris la.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Paske tout lòt moun yo ap fè sousi pou pwòp tèt yo, se pa enterè Kris y ap chache.

Gade chapit la Kopi




Filipyen 2:21
19 Referans Kwoze  

Men li vin rive ke nan venn-twazan pouvwa a Wa Joas la, prèt yo pa t ankò repare donmaj kay la.


Wi, chen yo voras. Yo pa janm jwenn asi. Se bèje yo ye san konprann. Yo tout vire tounen nan pwòp chemen pa yo, yo chak nan ranmase byen de tout katye.


O ke te genyen youn nan nou pou ta fèmen pòt yo, pou nou pa ta chofe dife pou granmèsi sou lotèl Mwen an! “Mwen pa kontan avèk nou”, pale SENYÈ Dèzame yo. “Ofrann nan k ap sòti nan men nou, Mwen p ap aksepte l nonpli.


Jésus te di a disip Li yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, li dwe nye tèt li, pran kwa li e swiv Mwen.


“Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen.


Alò, Paul avèk konpanyon li yo te monte sou lanmè a soti Paphos. Yo te rive nan vil Perge nan Pamphylie. Jean te kite yo la pou retounen Jérusalem.


Men Paul te ensiste ke yo pa ta dwe pran li ki te abandone yo nan Pamphylie, e pa t akonpanye yo nan travay la.


Pa kite nou chache pwòp enterè pa nou, men sa ki bon pou vwazen nou.


Menm jan ke mwen osi fè tout moun plezi nan tout bagay, pa pou chache pwòp enterè pa m, men enterè a anpil moun, jis pou yo kapab sove.


Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa.


Paske menm jan ke soufrans a Kris yo se pou nou an abondans, konsa tou rekonfò nou an abondans atravè Kris la.


Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.


Ou byen okouran ke tout moun ki an Asie yo, te vire kite m, pami yo menm, Phygelle ak Hermogène.


Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo renmen lajan, ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa,


paske Démas, ki renmen mond prezan sila a, te abandone m, e te ale Thessalonique. Crescens te ale Galatie, Tite te ale Dalmatie.


Nan premye defans mwen an, pèsòn pa t ban m soutyen yo, men yo tout te kite m. Ke sa pa kontwole kont yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite