Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Filipyen 2:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Men nou konnen prèv valè li, ke li te sèvi avè m pou avansman levanjil la, kòm yon pitit k ap sèvi papa li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Nou menm tou nou konnen jan Timote se yon nèg serye. Tankou papa ak pitit nou travay ansanm pou bòn nouvèl la.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Nou konnen ki moun Timote ye byen. Li te fè ministè preche Levanjil avè m tankou yon pitit ta fè ak papa l.

Gade chapit la Kopi




Filipyen 2:22
20 Referans Kwoze  

Tout frè fidèl ki te nan Lystre avèk Icone yo te pale byen de li.


E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans.


Alò, si Timothée vini, fè si ke li avèk nou san koz pou pè; paske l ap fè travay a Bondye a, menm jan mwen ap fè l la.


Se pou rezon sa a, mwen voye bannou Timothée, ki se pitit byeneme e fidèl mwen nan Senyè a. Li va fè nou sonje chemen mwen an ki baze nan Kris, menm jan ke mwen enstwi toupatou nan tout legliz yo.


Paske nan bi sa, mwen osi te ekri nou pou m te kapab teste nou, si nou obeyisan nan tout bagay.


Nou te voye avèk yo, frè nou an, ke nou souvan teste, e twouve zèl nan anpil bagay, men koulye a menm pi zele akoz de gran konfyans li nan nou menm.


Konsa, piblikman devan legliz yo, montre yo prèv lanmou nou ak rezon pou gen fyète de nou.


Mwen p ap pale sa tankou se yon lòd, men pou pwouve selon zèl a lòt yo, senserite lanmou pa nou tou.


Koulye a, mwen vle nou konnen, frè m yo, ke sikonstans mwen yo vin pase pou pi gran pwogrè levanjil la.


Dènye nan sa yo, fè l avèk lanmou, paske yo konnen ke m te chwazi pou defans a levanjil la.


akoz de patisipasyon nou nan levanjil la depi premye jou a jiska koulye a.


Paske li vrèman gen rezon ke m santi sa sou pati pa nou. Paske nou nan kè m akoz nou te patisipan depi lè m te nan prizon an, ni lè m t ap defann e konfime levanjil la nou te pataje gras la avè m.


Paske m pa gen okenn lòt moun ak yon kè parèy a li menm, ki va vrèman konsène pou byen nou.


Lòd sa a mwen konfye a ou menm, Timothée, fis mwen an, ki an akò avèk pwofesi a konsènan ou menm ki te fèt deja, ke pa yo menm, ou te mennen bon konba a,


A Timothée, vrè pitit mwen nan lafwa mwen an: lagras, mizerikòd, ak lapè ki soti nan Bondye Papa a, e Senyè nou an, Jésus Kri.


Nan montre bagay sa yo a frè yo, nou va yon bon sèvitè a Kris Jésus, e nou va nouri tout tan nan pawòl lafwa ak bon doktrin ke nou deja ap swiv yo.


a Timothée fis byeneme mwen an: Lagras, mizerikòd, ak lapè Bondye, Papa a, e Kris Jésus, Senyè nou an.


Alò, ou te swiv ansègnman mwen an, kondwit, bi, lafwa, pasyans lanmou, pèseverans


a Tite vrè pitit mwen nan yon lafwa ke nou pataje ansanm: Lagras ak lapè Bondye, Papa a, ak Kris Jésus, sovè nou an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite